Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 20:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 Fis Benjamin yo te sòti kont yo e te rale soti kite vil la. Konsa, yo te kòmanse frape e touye kèk moun nan pèp la, menm jan ak lòt fwa yo, sou gran chemen yo, youn ki te monte a Béthel e lòt la Guibea, anviwon trant mesye Izrayelit.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Moun Benjamen yo sòti vin kontre ak lame a. Yo kite lavil la byen lwen dèyè yo. Tankou lòt fwa yo, yo konmanse desann gason nan lame a, yo touye trant sòlda konsa, ni sou wout ki moute lavil Betèl la, ni sou wout ki mennen lavil Gibeya a pa mòn.

参见章节 复制




Jij 20:31
7 交叉引用  

Yo te pase nan lakoup lan epi te di: “Nan Guéba, nou va fè plas pou nou rete.” Rama nan laperèz nèt e Guibea a Saul la sove ale nèt.


Mesye Aï yo te frape yo, mete ba anviwon trann-sis nan mesye yo. Yo te kouri dèyè yo soti nan pòtay la jis rive Schebarim pou te frape yo, mete yo ba pandan yo t ap desann, jiskaske kè pèp la te fonn e te vin tankou dlo.


Konsa, pa t gen yon gason ki rete nan Aï ni Béthel, yo te kite vil la san gade pou te kouri dèyè Israël.


Fis Israël yo te monte kont fis Benjamin yo nan twazyèm jou a e yo te pozisyone yo menm jan ke yo te fè nan lòt fwa yo.


Fis a Benjamin yo te di: “Yo vin frape tonbe devan nou, menm jan ak lòt fwa a.” Men fis Israël yo te di: “Annou sove ale pou nou kapab atire yo kite vil la rive nan gran chemen yo.”


跟着我们:

广告


广告