Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 20:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Benjamin te sòti kont yo soti Guibea nan dezyèm jou a e yo te fè tonbe atè, ankò 18,000 òm pami fis Israël yo; tout moun ki te rale nepe yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Men, moun Benjamen yo sòti lavil Gibeya vin kontre ak yo. Fwa sa a yo touye dizwitmil (18.000) solda nan lame pèp Izrayèl la.

参见章节 复制




Jij 20:25
11 交叉引用  

“Se lwen Ou pou Ou ta fè yon bagay konsa, pou touye moun dwat yo avèk mechan yo pou dwat yo avèk mechan yo vin trete menm jan. Se lwen Ou menm! Èske Jij sou tout latè a p ap aji avèk jistis?”


Benjamin se yon lou voras; nan maten li va devore sa ke li kenbe, e nan aswè, li va divize piyaj la.”


Nwaj ak fènwa pwofon ap antoure Li. Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Li an.


O Israël! Depi nan jou a Guibea yo, ou te peche. Se la yo te kanpe! Ni batay kont fis inikite yo pa t kite yo nan Guibea.


O, pwofondè richès a sajès ak konesans Bondye! A la ensondab Jijman Li ensondab! A la chemen Li yo depase konprann!


Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo.


Men si enjistis nou montre jistis Bondye, kisa nou kapab di? Èske Bondye ki dechennen lakòlè Li a, enjis? (M ap pale tankou yon moun)?


Alò, fis Benjamin yo te parèt deyò nan Guibea, e yo te fè tonbe atè nan jou sa a, venn-de-mil òm nan Izrayelit yo.


Alò, fis Israël yo te vini kont fis a Benjamin yo nan dezyèm jou a.


Alò, tout fis Israël yo ak tout pèp la te monte rive Béthel e te kriye. Konsa, yo te rete la devan SENYÈ a, yo te fè jèn tout jounen an jis rive nan aswè. Epi yo te ofri ofrann brile ak ofrann lapè devan SENYÈ a.


跟着我们:

广告


广告