19 Alò, fis Israël yo te leve nan maten, e yo te fè kan kont Guibea.
19 Se konsa, pèp Izrayèl la leve nan denmen maten, y'al pran pozisyon bò lavil Gibeya.
Josué te leve bonè nan maten. Li menm avèk tout fis Israël yo te kite Sittim pou te rive nan Jourdain an, e yo te fè kan avan yo te travèse.
Alò, Josué te leve granmmaten, e prèt yo te leve pran lach SENYÈ a.
Konsa, Josué te leve bonè nan maten e te fè Israël pwoche pa tribi. Tribi Juda a te pran.
Alò, fis Israël yo te leve monte Béthel. Yo te mande Bondye, e te di: “Se kilès ki va monte avan pou fè batay kont fis Benjamin yo?” Alò, SENYÈ a te di: “Juda va monte avan.”
Mesye Israël yo te sòti pou batay kont Benjamin e mesye Israël yo te pran pozisyon batay kont yo nan Guibea.