Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 20:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Soti nan vil yo, nan jou sa a, fis Benjamin yo te monte ak venn-si-mil mesye ki te rale nepe, anplis moun Guibea ki te konte a sèt-san òm ekstrawòdinè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Jou sa a yo konte, yo jwenn te gen vennsimil (26.000) sòlda antou ki te sòti nan tout lavil yo, san konte sètsan (700) sòlda moun lavil Gibeya yo te chwazi.

参见章节 复制




Jij 20:15
9 交叉引用  

Pou fis Benjamin yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.


Kantite mesye ki te konte nan tribi Benjamin an te trann-senk-mil-kat-san (35,400).


avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; trann-senk-mil-kat-san (35,400).


Sila yo se fis a Benjamin selon fanmi pa yo; epi sila ki te konte nan yo, se te karann-senk-mil-sis-san (45,600).


Fis a Benjamin yo te rasanble soti nan vil Guibea yo, pou sòti nan batay kont fis Israël yo.


Men pèp la, mesye Israël yo, te ankouraje youn lòt e te vin pran plas batay la menm kote ke yo te vin parèt nan premye jou a.


Benjamin te sòti kont yo soti Guibea nan dezyèm jou a e yo te fè tonbe atè, ankò 18,000 òm pami fis Israël yo; tout moun ki te rale nepe yo.


Epi SENYÈ a te frape Benjamin devan Israël jiskaske fis Israël yo te detwi venn-senk-mil-san moun nan Benjamin nan jou sa a, tout moun ki te rale nepe yo


跟着我们:

广告


广告