Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 2:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Men li te kòn rive ke nan lè jij la vin mouri, yo ta vire tounen pou aji pi konwonpi pase zansèt yo. Yo te swiv lòt dye yo pou sèvi yo, e bese ba devan yo. Yo pa t janm abandone zèv sila yo, ni chemen tèt mato yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Men, mouri chèf la mouri, pitit yo te rekonmanse lage kò yo nan menm vye bagay yo ankò pi mal pase papa yo. Y'al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Yo t'ap fè tèt di, yo derefize sispann fè bagay sa yo.

参见章节 复制




Jij 2:19
20 交叉引用  

Alò tè a te vin konwonpi nan zye Bondye, e latè te vin plen ak vyolans.


Men soti lè yo te fin jwenn repo a, yo te fè mal ankò devan Ou. Pou sa, Ou te abandone yo nan men a lènmi yo, jiskaske yo te renye sou yo. Lè yo te kriye ankò a Ou menm, Ou te tande Soti nan syèl la, epi anpil fwa Ou te fè yo chape akoz gran lanmou dous Ou,


Pou yo pa fè tankou papa zansèt yo, yon jenerasyon tèt di e rebèl, yon jenerasyon ki pa t gen kè fidèl, ki pa t gen lespri fidèl a Bondye.


Alò SENYÈ a te pale ak Moïse e te di: “Desann koulye a, paske pèp ou a, ke ou te mennen monte nan peyi Égypte la, gen tan vin konwonpi.


Nou tou, te fè mal plis menm ke papa zansèt nou yo. Paske gade byen, nou chak ap mache selon tèt di a pwòp kè mechan pa nou, san koute Mwen.


Yo kontinye di a sila k ap meprize Mwen yo, ‘SENYÈ a te di: “Nou va gen lapè”’” e pou tout sila k ap mache nan pwòp tèt di yo, yo di: “Malè p ap rive nou.”


Nan lè sa a, yo va rele Jérusalem: ‘Twòn SENYÈ a’ e tout nasyon yo va rasanble vè li; vè Jérusalem, vè non SENYÈ a. Ni yo p ap ankò mache ak tèt di ak kè mechan yo.


“Akoz sa, pale ak lakay Israël: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Èske nou va souye tèt nou menm, swiv abitid papa zansèt nou yo e jwe pwostitiye apre bagay abominab yo?


“Konsa, ranpli mezi koupabilite nou, menm jan tankou zansèt nou yo te fè a.


Paske mwen konnen apre lanmò mwen, nou va fè zak konwonpi e vire kite chemen an ke m te kòmande nou an. Epi konsa, malè va swiv nou nan dènye jou yo, paske nou va fè sa ki mal nan zye SENYÈ a, e pwovoke Li a lakòlè avèk zèv men nou.”


Israël te sèvi SENYÈ a pandan tout jou a Josué yo, tout jou a ansyen ki te vivan nan tan Josué yo, e yo te konnen tout zèv SENYÈ a te fè pou Israël.


Malgre sa, nou te abandone Mwen pou sèvi lòt dye yo. Pou sa, Mwen p ap delivre nou ankò.


Lè SENYÈ a te kon fè leve yon jij pou yo, SENYÈ a te avèk jij la, e te delivre pèp la nan men lènmi yo pandan tout jou yo a jij la. Konsa, SENYÈ a te vin gen pitye pou yo akoz sila ki te oprime ak aflije yo.


Konsa, lakòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te di: “Akoz nasyon sa a te transgrese akò ke Mwen te kòmande zansèt yo, e pa t koute vwa M,


Pèp la te sèvi Josué pandan tout jou a Josué yo e tout jou a ansyen ki te sèvi Josué yo, ki te wè tout gran zèv SENYÈ a te fè pou Israël yo.


Alò, fis Israël yo ankò te fè mal nan zye SENYÈ a, apre Éhud te fin mouri.


Li te vin rive ke depi Gédéon te fin mouri, fis Israël yo ankò te jwe pwostitiye avèk Baal yo e te fè Baal-Berith dye pa yo.


Paske rebelyon se tankou peche divinasyon e refize swiv lòd se tankou inikite avèk idolatri. Akoz ou te refize pawòl SENYÈ a, Li osi te gentan refize ou kòm wa.”


跟着我们:

广告


广告