Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 19:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Epi mari li te leve swiv li, pou pale dousman avè l pou fè l tounen e te pran avè l sèvitè li a, ak yon pè bourik. Konsa, fi a te mennen li antre lakay papa l. Lè papa l te wè l, li te byen kontan rankontre li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Lè sa a, nonm lan leve, l'al dèyè li pou wè si li te vle tounen ak li ankò. Li te pati ak yon domestik ak de bourik. Madanm lan te byen resevwa li lakay papa li. Lè papa madanm lan wè li, li te byen kontan resevwa li tou.

参见章节 复制




Jij 19:3
16 交叉引用  

Li te vrèman atire a Dina, fi Jacob la. Li te renmen fi a, e li te pale ak dousè avè l.


Pou sa, pa pè. Mwen va fè pwovizyon pou nou avèk pitit nou yo.” Li te rekonfòte yo e li te pale avèk tandrès avèk yo.


Bondye di: “Si yon mari divòse ak madanm li, e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire,” deklare SENYÈ a.


Pou sa, gade byen, Mwen va atire li mennen li antre nan dezè a pou pale dous avèk li.


Li va vin rive nan jou sa a”, deklare SENYÈ a, “ke ou va rele Mwen: ‘Mari mwen’ e ou p ap rele M ankò: ‘Met mwen’.


“‘Nou pa pou rayi pwochen peyi nou nan kè nou. Nou mèt toujou korije vwazen nou, pou nou pa pote peche akoz li.


“‘Si yon mesye fè adiltè avèk madanm a yon lòt, menm sila ki fè adiltè avèk madanm zanmi li an, adiltè la avèk fanm adiltè la va vrèman vin mete a lanmò.


Men Bondye te fache akoz li t ap ale a. Konsa, zanj SENYÈ a te vin kanpe nan chemen an kòm yon advèsè kont li. Alò, li te monte sou bourik li, e de sèvitè li yo te avèk li.


Konsa, Joseph, mari li, ki te yon nonm dwat, pa t vle fè l wont. Pou sa a, li te pran desizyon pou mete l sou kote an sekrè.


Li te di: “Pa youn, Senyè.” Jésus te di “Ni Mwen menm, mwen pa kondane ou nonplis. Ale, epi depi koulye a, pa peche ankò.”


Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante.


Men pita, pandan rekòlt ble a, Samson te vizite madanm li avèk yon jenn kabrit. Li te di: “Mwen va antre vè madanm mwen nan chanm li.” Men papa li pa t kite li antre.


Men mennaj li a te jwe pwostitiye kont li. Li te kite li pou rive lakay papa l nan Bethléhem nan Juda e li te rete la pandan yon kat mwa.


Lè jou te kòmanse vin parèt, fanm nan te vin tonbe devan pòtay kay a mesye a kote mèt la te ye a jiskaske solèy fin klere nèt.


Bòpè li a, papa a fi a te fè l fè reta. Li te rete avè l pandan twa jou konsa. La yo te manje, bwè e loje.


跟着我们:

广告


广告