Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 19:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Men nonm nan pa t dakò pase nwit lan. Konsa, li te leve sòti pou te rive nan lye anfas Jebus (sa vle di, Jérusalem). Li te gen avè l de bourik sele; mennaj li a te avè l tou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Men, fwa sa a, nonm lan pa te vle rete pase yon lòt nwit ankò. Li leve li sele de bourik epi li pati ak fanm li. Yo rive toupre lavil Jibis ki se lavil Jerizalèm tou.

参见章节 复制




Jij 19:10
7 交叉引用  

Alò, wa a avèk moun pa li yo te ale Jérusalem kont Jebizyen yo, moun ki te rete nan peyi a. Men yo te di a David: “Ou p ap antre isit la, men menm avèg yo avèk bwate yo va fè ou vire ale”. Paske yo te panse ke: “David p ap kab antre la.”


Alò, pou Jebizyen yo, moun ki te rete Jérusalem yo, fis Juda yo pa t kapab chase yo ale; pou sa, Jebizyen yo rete pami fis Juda yo jis rive jodi a.


Konsa, lizyè a te monte nan vale Ben-Hinnon rive nan pant Jebizyen nan sid (sa vle di Jérusalem), epi lizyè a te monte sou pwent mòn nan ki pi devan vale Hinnon an vè lwès, ki nan dènye pwent vale Rephaïm nan vè nò.


Tséla, Éleph, Jebus, ki se Jérusalem, Guibeath ak Kirjath; Sa se eritaj a fis Benjamin yo selon fanmi pa yo.


Alò, fis Juda yo te goumen kont Jérusalem. Yo te kaptire li. Yo te frape li avèk lam nepe e yo te mete dife nan vil la.


Lè nonm nan te leve ansanm avèk mennaj li ak sèvitè li a, bòpè li te di li: “Men gade, jou a prèt pou rive; souple, pase nwit lan isit la pou kè ou kapab kontan. Epi demen ou kapab leve bonè pou vwayaje ale lakay ou.”


跟着我们:

广告


广告