Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 18:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Alò, senk mesye yo te pati pou te rive Laïs e te wè pèp la t ap viv an sekirite, nan fason a Sidonyen yo, anpè avèk sekirite. Paske pa t gen okenn chèf ki t ap imilye yo pou anyen nan peyi a, yo te lwen Sidonyen yo e yo pa t gen okenn relasyon avèk lòt moun.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Senk mesye yo ale, yo rive lavil Layis. Yo wè ki jan moun ki te rete Layis yo te san pwoblèm, tankou moun peyi Sidon yo. Se te yon bann moun ki t'ap viv byen yonn ak lòt, ki pat nan kont ak pèsonn nan peyi a. Yo te gen tou sa yo te bezwen. Yo t'ap viv byen lwen moun peyi Sidon yo, yo pat mele ak pèsonn moun lòt nasyon yo.

参见章节 复制




Jij 18:7
13 交叉引用  

Papa li pa t janm konfwonte li nan okenn moman pou di: “Poukisa ou fè sa?” Li te osi yon bonòm byen bèl e te ne apre Absalom.


Li te vin rive ke kòmsi li te yon ti bagay pou li te mache nan peche a Jéroboam yo, fis a Nebat la, ke li te marye ak Jézabel, fi a Ethbaal la, wa a Sidonyen yo, li te ale sèvi Baal e te adore li.


Yo te jwenn pa yo ki te trè rich e trè bon, peyi a te vas e kalm, epi te gen lapè; paske sila ki te rete la oparavan yo te desandan de Cham.


Leve monte kont yon nasyon ki alèz, ki viv ansekirite,” deklare SENYÈ a: “Li pa gen pòtay, ni fè fòje; yo rete pou kont yo.”


Paske sila yo ki nan otorite p ap koz laperèz pou sila ki gen bon kondwit yo, men pou sila ki fè mal yo. Èske nou vle pa gen laperèz pou otorite? Fè sa ki bon e yo va bannou lwanj.


Teritwa a fis a Dan yo te ale pi lwen pase yo; paske fis a Dan yo te monte pou te goumen avèk Léschem e te pran li. Epi yo te frape li avèk lam nepe, yo te posede li e te vin abite ladann; epi yo te rele Léschem Dan menm non a Dan, papa pa yo.


oubyen a gouvènè ki voye pa Li menm yo pou pini malfektè yo e louwe sila ki fè byen yo.


Nan degre ke li te bay tèt li glwa a e viv nan sansyalite a, nan menm degre a, toumante l, e ba li doulè. Paske li di nan kè li: “Mwen chita tankou yon rèn, mwen pa yon vèv, mwen p ap janm wè doulè.”


Yo te rele vil la Dan, menm non a Dan, papa ki te fèt an Israël yo. Men avan sa, non a vil sa a se te Laïs.


Prèt la te di yo: “Ale anpè. Bondye dakò avèk vwayaj ke nou ap fè a.”


Lè yo te retounen vè frè yo Tsorea ak Eschthaol, frè yo te di yo: “Kisa ou di?”


Paske Mwen te di li ke Mwen prèt pou jije lakay li pou tout tan pou inikite ke li te konnen yo. Akoz fis li yo te mennen yon madichon sou pwòp tèt yo, e li pa t repwoche yo.


跟着我们:

广告


广告