Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 18:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Yo te kriye sou fis a Dan yo e yo te vire di Mica: “Kisa nou genyen nou vin rasanble konsa?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Yo t'ap rele dèyè yo. Moun Dann yo vire, yo mande Mika: — Sa ki genyen? Poukisa tout moun sa yo dèyè nou an?

参见章节 复制




Jij 18:23
8 交叉引用  

Bondye te tande jènjan an t ap kriye, epi zanj Bondye a te rele Agar depi nan Syèl la. Li te di l: “Kisa ou gen, Agar? Pa pè, paske Bondye te tande vwa jènjan an kote li ye a.


Wa a te di li: “Ki pwoblèm ou?” Li te reponn: “Anverite, se yon vèv ke mwen ye, paske mari mwen mouri.


Epi wa a te mande l: “Kisa ou genyen?” Epi li te reponn: “Fanm sa a te di mwen: ‘Ban m ti fis ou a pou nou kab manje li jodi a e nou va manje fis pa ou a demen.’


Sa k pase ou menm, O lanmè, ke ou te sove ale konsa? O Jourdain an, ke Ou te vire fè bak konsa?


Pwofesi konsènan vale a vizyon an. Sa k pase nou koulye a, ke nou tout monte sou twati kay yo?


Lè yo te fè yon sèten distans soti lakay Mica, mesye ki te nan kay toupre lakay Mica yo te rasanble yo pou te vin jwenn fis a Dan yo.


Li te di: “Nou fin pran dye ke m te fè yo, avèk prèt la e sòti; epi kisa mwen genyen plis ke sa? Kijan nou kab di mwen: ‘Kisa ou genyen?’”


Alò gade byen, Saül t ap sòti nan chan an dèyè bèf kabwèt yo. Li te di: “Kisa ki gen avèk pèp la pou y ap kriye la a?” Konsa, yo te pataje avèk li pawòl a mesye Jabès yo.


跟着我们:

广告


广告