Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 18:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Yo te di li: “Pe la, mete men sou bouch ou e vini avèk nou pou devni pou nou yon papa, ak yon prèt. Èske li pi bon pou ou pou fè prèt lakay a yon sèl moun, oswa devni prèt a yon tribi e yon fanmi an Israël?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Yo reponn li: — Pe bouch ou, monchè! Ou pa bezwen di anyen! Vin avèk nou, w'a sèvi nou konseye, w'a prèt nou tou. Sa ou pi pito: prèt fanmi yon grenn moun osinon prèt tout yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la?

参见章节 复制




Jij 18:19
12 交叉引用  

Lè Élisée te vin malad avèk maladi ki te pran lavi li a, Joas, wa Israël la, te desann kote li, e te kriye sou li e te di: “Papa mwen, O Papa mwen, men cha Israël yo avèk chevalye li yo!”


Konsa, wa Israël la, lè li te wè yo, li te di Élisée: “Papa mwen, èske m dwe touye yo? Èske m dwe touye yo?”


Gade mwen! Vin etone! Kouvri bouch ou ak men ou!


Prens yo te sispann pale e te mete men yo sou bouch yo.


“Si ou te fè foli nan leve tèt ou byen wo, oswa si ou te fè konplo pou mal, mete men ou sou bouch ou.


Nasyon yo va wè, e yo va wont de tout pwisans yo. Yo va mete men yo sou bouch yo; zòrèy yo va vin soud.


Epi pa rele pèsòn sou latè ‘papa’, paske se yon sèl ki Papa nou; Sila ki nan syèl la.


Alò, Mica te di li: “Vin rete avè m pou vin yon papa ak yon prèt anvè mwen. Mwen va ba ou dis mòso ajan pa ane, yon vètman ak pran swen ou.” Konsa, Levit la te antre.


Lè moun sila yo te antre lakay Mica pou te pran imaj taye a, efòd la avèk zidòl lakay yo a, avèk imaj fonn nan, prèt la te di yo: “Kisa nou ap fè la a?”


Kè a prèt la te kontan. Li te pran efòd la avèk zidòl lakay yo a, imaj taye a e te li ale pami pèp la.


跟着我们:

广告


广告