Yo te monte pou te fè kan nan Kirjath-Jearim nan Juda. Pou sa, yo te rele plas sa a Machané-Dan jis rive jodi a. Tande byen, li vè lwès a Kirjath-Jearim.
Epi senk mesye ki te pase fè espyonaj nan peyi Laïs la te di a moun fanmi pa yo: “Èske nou konnen ke genyen nan kay sa yo yon efòd avèk zidòl lakay yo, avèk yon imaj taye ak yon imaj fonn? Pou sa, konsidere kisa ou ta dwe fè.”
Alò, li te vin rive nan jou sa yo, pandan pa t gen wa an Israël, ke te gen yon sèten Levit ki te rete nan zòn izole nan peyi ti kolin Ephraïm nan. Li te pran yon mennaj pou kont li, ki soti nan Bethléhem nan Juda.