Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 16:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Lè pèp la te wè li, yo te fè lwanj a dye pa yo a, paske yo te di: “Se dye pa nou an ki te livre lènmi nou an, nan men nou, menm destriktè a peyi nou an, ki te touye anpil nan nou.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Lè pèp la te wè Samson, yo t'ap fè lwanj pou bondye yo a. Yo t'ap di: — Bondye nou an fè nou mete men sou Samson lènmi nou an ki t'ap devaste peyi a, ki t'ap touye tout moun sa yo nan mitan nou.

参见章节 复制




Jij 16:24
14 交叉引用  

Konsa, yo te depouye li e te pran tèt li avèk zam avèk boukliye li yo e te voye mesaje antoure tout peyi Filisten yo pou pote bòn nouvèl la rive nan zidòl pa yo avèk pèp la.


Kite tout sila ki sèvi limaj taye yo vin wont, ki vin ògeye sou zafè zidòl yo. Adore Li, tout dye yo.


Koulye a, O SENYÈ, Bondye nou an, delivre nou soti nan men l pou tout wayòm latè yo ka konnen ke Ou menm sèl SENYÈ a, se Bondye.”


Men Mwen te aji pou koz non Mwen, pou li pa ta degrade nan zye a nasyon yo, devan zye a sila Mwen te fè yo sòti yo.


men ou te egzalte tèt ou kont Senyè syèl la. Konsa, yo te mennen veso lakay Li yo devan ou e ou menm ak prens ou yo, madanm ou yo, ak ti mennaj ou yo t ap bwè diven nan yo. Ou te bay lwanj a dye a ajan, lò, bwonz, fè, bwa, ak wòch yo, ki pa wè, tande, ni konprann. Men Bondye, nan men a Sila souf lavi ou ye a, pou Sila tout chemen ou yo ye a, ou pa t bay Li glwa.


Yo te bwè diven an e te louwe dye a lò, ak ajan, bwonz, fè, bwa ak wòch yo.


Tout sa, akoz yo ofri yon sakrifis a filè yo; yo brile lansan nan filè a; paske pa bagay sa yo, lavi a vin bon, e manje yo vin anpil.


si M pa t krent ke li t ap pwovoke lènmi an, ke lènmi pa yo ta mal jije pou yo ta di: “Se men nou ki gen viktwa a. Se pa t vrèman SENYÈ a ki fè tout sa.”’


Epi sila ki rete sou latè yo va rejwi sou yo, e fete. Yo va voye kado bay youn lòt, paske de pwofèt sa yo te toumante sila ki rete sou latè yo.


Lè li te rive nan Léchi, Filisten yo te rele fò pandan yo t ap rankontre li. Epi Lespri SENYÈ a te vini sou li avèk pouvwa, jiskaske kòd sou bwa li yo te vin tankou pay len ki brile ak dife e kòd yo te tonbe sòti nan men li.


Alò, Samson te di: “Avèk machwè a yon bourik, pil sou pil; avèk machwè a yon bourik, mwen te touye yon milye moun.”


Li te frape yo byen di avèk yon gwo masak; epi li te desann pou te viv nan krevas wòch la nan Étam.


Li te vin rive ke pandan yo te ranpli avèk kè kontan, ke yo te di: “Rele Samson pou l kapab amize nou.” Konsa, yo te rele Samson soti nan prizon an pou li te amize yo. Epi yo te fè l kanpe antre pilye yo.


Yo te koupe tèt li e te retire zam li yo pou te voye yo toupatou nan peyi Filisten yo, pou pote bòn nouvèl la rive lakay zidòl pa yo ak pèp yo a.


跟着我们:

广告


广告