Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 14:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Men madanm a Samson an te vin bay a yon konpanyen li ki te bon zanmi li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Lè sa a, moun yo rele yonn nan moun ki te avèk Samson yo, sa ki te pi bon zanmi l lan, yo ba li madanm Samson pou madanm li.

参见章节 复制




Jij 14:20
10 交叉引用  

Mwen te vini nan jaden mwen an, sè mwen, fi a maryaj mwen an. Mwen te ranmase lami mwen ak tout fèy awomatik mwen. Mwen te manje gato myèl ak siwo myèl mwen; mwen te bwè diven mwen ak lèt mwen. Manje, zanmi nou yo; bwè e vin sou ak lanmou!


Yo tout pase vwazen parèy yo nan rizib. Yo refize pale verite. Yo fin enstwi pwòp lang yo pou pale manti; yo vin fatige nèt nan fè inikite.


Pa fè konfyans ak yon vwazen. Pa fè konfyans ak yon zanmi. Ak fi la k ap kouche ak ou a, gade pòt bouch ou!


“Se pa a nou tout ke M pale. Mwen konnen sila ke M te chwazi yo. Men se pou Lekriti sen yo kapab akonpli. ‘Sila ki manje pen Mwen an te leve talón li kont Mwen.’


“Sa ki genyen madanm maryaj la se jennonm k ap marye. Zanmi li an ki kanpe epi tande l, rejwi anpil paske li tande vwa li. Konsa jwa pa m fin ranpli.


Papa li te di li: “Mwen te konnen ke ou te tèlman rayi li; epi pou sa, mwen te bay li a zanmi ou an. Èske pi jenn sè li a pa pi bèl pase li? Souple, kite li vin pou ou nan plas li.”


Konsa, Filisten yo te di: “Kilès ki te fè sa?” Yo te reponn: “Samson, bofi a Timnyen an, akoz li te pran madanm li pou te bay li a konpanyen li.” Pou sa, Filisten yo te monte e te brile ni madanm nan, ni papa li avèk dife.


Konsa, li te vin rive ke nan moman a Mérab, fi a Saül la te dwe bay a David la, li te vin bay a Adriel, Meolayit la, kòm madanm.


跟着我们:

广告


广告