Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 14:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Alò, li te vin rive ke nan katriyèm jou a, ke yo te di a madanm Samson an: “Mennen mari ou pou l kab bannou repons kont lan, oswa nou va brile ou menm avèk kay papa ou avèk dife. Èske se pou fè nou vin pòv ke ou te envite nou? Se pa sa w ap fè la a?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Sou katriyèm jou a, yo rele madanm Samson, yo di l konsa: — Pran tèt mari ou, fè l ban nou kont la. Si ou pa fè sa, n'ap mete dife lakay papa ou, n'ap boule l ansanm avè ou ladan l! Gen lè se pou eskamote tou sa nou genyen ou te envite nou isit la?

参见章节 复制




Jij 14:15
9 交叉引用  

Si yo di: “Vini avèk nou, annou kouche yon pyèj pou san, annou fè anbiskad pou inosan yo san koz;


Paske lèv a fanm adiltè a degoute siwo, e pale li pi dous pase lwil;


Paske akoz yon pwostitiye, yon gason redwi a yon mòso pen. Yon fanm adiltè fè lachase lavi presye.


Pa fè konfyans ak yon vwazen. Pa fè konfyans ak yon zanmi. Ak fi la k ap kouche ak ou a, gade pòt bouch ou!


Alò, fis a Éphraïm yo te rasanble. Yo te travèse vè Tsaphon e te di a Jephethé: “Poukisa ou te travèse pou batay avèk fis Ammon yo san rele nou pou ale avèk ou? Nou va brile kay ou sou ou.”


Konsa, li te di yo: “Sòti nan sila ki konn manje, te parèt yon bagay pou manje. Sòti nan sila ki gen fòs, te parèt yon bagay ki dous.” Men nan twa jou, yo pa t kab ba li repons lan.


Konsa, Filisten yo te di: “Kilès ki te fè sa?” Yo te reponn: “Samson, bofi a Timnyen an, akoz li te pran madanm li pou te bay li a konpanyen li.” Pou sa, Filisten yo te monte e te brile ni madanm nan, ni papa li avèk dife.


Prens Filisten yo te ale kote li e te di fanm nan: “Mennen li ak dousè e twouve kote gran fòs li a sòti, e kijan nou kapab vin genyen l pou nou kapab mare li pou aflije li. Epi nou chak va ba ou onz-san pyès ajan.”


跟着我们:

广告


广告