Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 13:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Alò, Manoach te priye a SENYÈ a. Li te di: “O SENYÈ, souple kite nonm Bondye ke Ou te voye vin kote nou an ankò pou l kapab enstwi nou kisa pou nou fè pou gason k ap vin fèt la.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Lè sa a, Manoak lapriyè Senyè a, li di: — Tanpri, Mèt mwen, fè moun Bondye ou te voye a vin bò kote nou ankò pou l ka di nou sa pou nou fè pou ti gason ki pral fèt la.

参见章节 复制




Jij 13:8
8 交叉引用  

enstwi mwen sa ke m pa wè. Si mwen te fè inikite, mwen p ap fè l ankò’?


Men leve, antre nan vil la, e ou va tande kisa ou dwe fè.”


Konsa, Manoach te leve swiv fanm li an e lè li te vin kote nonm nan, li te di li: “Èske ou se nonm Bondye ki te pale avèk fanm mwen?” Epi li te di: “Mwen se li”.


Konsa, zanj SENYÈ a te parèt a fanm nan e te di li: “Gade byen, koulye a, ou esteril e ou pa janm fè pitit, men ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis.


Epi fanm nan te vin pale mari li. Li te di: “Yon nonm Bondye te vin kote m; aparans li te tankou aparans a yon zanj Bondye, byen mèvèye. Epi mwen pa t mande li kote li te sòti, ni li pa t di mwen non li.


Men li te di mwen: ‘Gade byen, ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis. Soti koulye a, ou p ap bwè diven ni bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp, paske gason an va yon Nazareyen a Bondye soti nan vant jis rive jou ke li mouri an.’”


Bondye te koute vwa a Manoach, epi zanj Bondye a te vini ankò vè fanm nan pandan li te chita nan chan an. Men Manoach, mari li a, pa t avè l.


跟着我们:

广告


广告