Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 12:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Epi Abdon, fis a Hillel la, Piratonit lan te mouri e te antere nan Pirathon nan peyi Ephraïm nan, nan peyi ti mòn ki te pou Amalekit yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Lè Abdon, pitit gason Ilèl la, mouri, yo antere l lavil Piraton nan peyi Efrayim, nan mòn moun Amalèk yo.

参见章节 复制




Jij 12:15
10 交叉引用  

Epi yo vin retounen rive nan En-Mischpath, (ki se Kadès), e yo te bat Amalesit yo nan tout peyi yo, e osi Amoreyen ki te rete Hatsatson-Thamar yo.


Benaja, a Pirathon, Hiddaï a Nachalé-Gaasch.


Alò, Amalèk te vin goumen kont Israël nan Rephidim.


Alò, Abdon, fis a Hillel la, Piratonit lan te jije Israël apre li.


Li te gen karant fis avèk trant pitit pitit ki te monte sou swasann-dis bourik. Li te jije Israël pandan uit ane.


Fis Israël yo ankò te fè mal nan zye SENYÈ a. Pou sa, SENYÈ a te livre yo nan men a Filisten yo pandan karant ane.


Li te ranmase a li menm fis a Ammon yo, avèk Amalek. Konsa, li te ale bat Israël pou yo te posede vil pye palmis yo.


Li te vin rive ke lè li te parèt, li te soufle twonpèt peyi ti kolin Éphraïm yo. Konsa, fis Israël yo te vin desann avè l soti nan peyi ti kolin yo, e li menm te ale devan yo.


Sila yo rasinen nan Amalek te soti nan Epharïm. Yo t ap swiv ou, Benjamin, avèk pèp ou a. Soti nan Makir, kòmandan yo te desann. E soti nan Zabulon, sila ki voye baton pouvwa yo.


Konsa, Saül te bat Amalekit yo soti nan Havila pou rive Schur, ki te bò lès a Égypte la.


跟着我们:

广告


广告