Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 11:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Konsa, Jephthé te sove ale devan frè li yo, pou li te viv nan peyi Tob la. Sanzave yo te rasanble yo antoure Jephthé e yo te konn ale andeyò avèk li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Jefte kouri met deyò pou frè l yo, l'al rete nan peyi Tòb. Yon bann voryen vin mete tèt ansanm avèk Jefte. Yo te konn sòti avè l al devalize moun.

参见章节 复制




Jij 11:3
9 交叉引用  

Alò, lè fis a Ammon yo te wè ke yo te vin rayisab devan David, fis a Ammon yo te voye anplwaye Siryen yo Beth-Rehob e Siryen yo a Tsoba, ven-mil sòlda a pye, wa Macca avèk mil lòm e mesye a Tob yo avèk douz-mil lòm.


Fis a Ammon yo te vin parèt. Yo te ranje yo nan chan batay la devan antre vil la, pandan Siryen a Tsoba yo avèk Rehob, mesye a Tob yo avèk Maaca pou kont yo te nan chan an.


Men Jwif yo te vin jalou, e te mennen kèk mesye mechan sòti nan mache a. Yo te fòme yon ekip ajitatè, e te mete tout vil la nan yon tapaj. Lè yo te rive lakay Jason, yo t ap chache mennen yo deyò bay pèp la.


Madanm a Galaad te ba li fis yo; epi lè fis sa yo te vin grandi, yo te kouri dèyè Jephthé, mete li deyò e te di li: “Ou p ap fè eritaj lakay papa nou, paske ou se fis a yon lòt fanm.”


Yo te ba li swasann-dis pyès ajan soti lakay Baal-Berith, avèk sila Abimélec te anplwaye kalite mesye sanzave yo san kontwòl e yo te swiv li.


Tout sila ki te nan pwoblèm yo, tout moun ki te nan gwo dèt, tout moun ki pa t kontan te vin rasanble kote li, e li te devni chèf sou yo. Alò te gen anviwon kat-san òm avèk li.


Konsa, David te leve e te travèse, li menm avèk sis-san òm ki te avè l yo, kote Akisch, fis a Maoc la, wa a Gath la.


跟着我们:

广告


广告