Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 11:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Konsa, mwen pa t peche kont nou, men nou te fè m tò lè nou te fè lagè kont mwen. Ke SENYÈ a, Jij la, jije jodi a antre fis Israël yo ak fis a Ammon yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Non. Mwen pa fè nou anyen, se nou menm ki fè m lè nou vin fè m lagè. Se Senyè a sèl moun ki pou jije. L'a deside ant pèp Izrayèl la ak pèp Amori a kilès ki gen rezon!

参见章节 复制




Jij 11:27
27 交叉引用  

Konsa, Saraï te di Abram: “Se ou ki gen tò nan bagay sa a. Mwen te bay sèvant mwen an pou li antre nan bra ou, e lè l te wè ke li te vin ansent, mwen te vin meprize nan zye li. Ke SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen.”


“Se lwen Ou pou Ou ta fè yon bagay konsa, pou touye moun dwat yo avèk mechan yo pou dwat yo avèk mechan yo vin trete menm jan. Se lwen Ou menm! Èske Jij sou tout latè a p ap aji avèk jistis?”


Bondye Abraham nan ak Bondye Nachor a, Bondye a papa pa yo a, vin jij antre nou menm.” Konsa Jacob te sèmante pa krent a papa l, Isaac.


O Bondye nou, èske Ou p ap jije yo? Paske nou san pouvwa devan gran foul sila a k ap vini kont nou an. Ni nou pa konnen kisa pou nou fè, men zye nou ap gade sou Ou.”


La, moun ladwati yo ta rezone avè L; epi mwen ta delivre jis pou tout tan de Jij mwen an.


Paske malgre mwen te gen rezon, mwen pa t kab reponn. Mwen ta oblije mande gras a Jij mwen an.


Epi syèl yo deklare ladwati Li, paske Bondye, Li menm, se Jij. Tan


Bondye se yon jij ki jis e ki rayi enjistis chak jou.


Men Bondye se jij la. Li fè yon moun desann, e li leve yon lòt fè l wo.


Leve, O Bondye, jije tè a! Paske se Ou ki posede tout nasyon yo.


Vin leve, O Jij sou tè a. Bay rekonpans a moun ògeye yo.


devan SENYÈ a, paske l ap vini pou jije latè. Li va jije lemonn ak ladwati Li E pèp yo avèk jistis.


Rejwi jennonm, pandan jenès ou, e kite kè ou rete kontan pandan ane de laj jenès ou yo. Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou, men konnen byen ke Bondye va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.


Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.


Poukisa? Paske mwen pa renmen nou? Bondye konnen ke m renmen nou!


Paske nou tout dwe parèt devan chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.


A lavni m ap gen kouwòn ladwati a, ki prepare pou mwen deja, ke Senyè a, jij ladwati a, va ban m nan jou sila a; e pa sèlman de mwen menm, men osi a tout moun ki renmen aparisyon Li an.


anvè gran asanble a, ak legliz premye ne yo ki anrejistre nan syèl la, anvè Bondye, jij a tout moun nan, e anvè lespri a moun ladwati ki te fèt pafè yo,


Men wa a fis Ammon yo te refize koute mesaj ke Jephthé te voye ba li a.


Sila ki fè lènmi avèk SENYÈ a va kraze nèt. Kont yo Li va gwonde depi nan syèl yo. SENYÈ a ki va jije, jis rive nan tout ekstremite latè yo. Konsa, Li va bay kouraj a wa Li; Li va fè leve wo kòn onksyon pa Li a.”


Ke SENYÈ a kapab jije antre ou menm avèk mwen e ke SENYÈ a ta pran vanjans mwen sou ou; men se pa men m k ap kont ou.


Tankou pwovèb a ansyen yo di: ‘Nan mechan an, mechanste sòti!’ Men se pa men mwen k ap kont ou.


Pou sa, SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen. Epi ke Li wè, Li plede ka m nan, e Li delivre mwen soti nan men ou.”


Lè David te fin pale pawòl sa yo a Saül, Saül te di: “Èske sa se vwa ou, fis mwen, David?” Epi Saül te leve vwa li e te kriye.


跟着我们:

广告


广告