Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 10:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Konsa, fis Israël yo te kriye fò bay SENYÈ a, e te di: “Nou te peche kont Ou, paske vrèman, nou te abandone Bondye nou an pou te sèvi Baal yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Lè sa a, yo rele nan pye Senyè a, yo di l konsa: — Nou te peche kont ou, nou te vire do ba ou, ou menm Bondye nou an, n'al fè sèvis pou Baal yo.

参见章节 复制




Jij 10:10
11 交叉引用  

Epi nan gwo pwoblèm yo, yo te rele fò a SENYÈ a. Li te delivre yo sòti nan gwo twoub yo.


Konsa yo te kriye fò a SENYÈ a nan gran mizè yo, e Li te sove yo sòti nan gwo pwoblèm yo.


Yo te kriye a Bondye nan mizè yo, e Li te mennen yo sòti nan twoub yo.


kap di pyebwa a: ‘Se ou ki papa mwen’, epi a yon wòch: ‘Se ou ki fè mwen.’ Paske yo te vire do ban Mwen olye figi yo; men nan tan gwo pwoblèm yo, yo va di Mwen: ‘Leve pou sove nou.’


Fis a Ammon yo te travèse Jourdain an pou yo te kab, osi, batay avèk Juda, Benjamin, avèk lakay Éphraïm. Sa te fè gwo pwoblèm pou Israël.


Lè fis Israël yo te vin kriye fò a SENYÈ a, SENYÈ a te fè leve yon liberatè pou delivre yo, Othniel, fis a Kenaz la, ti frè a Caleb la.


Fis Israël yo te kriye a SENYÈ a, paske li te gen nèf san cha fèt an fè, e avèk severite, li te oprime fis Israël yo pandan ventan.


Konsa, Israël te desann ba akoz Madian, e fis Israël yo te kriye fò anvè SENYÈ a.


Yo te kriye fò a SENYÈ a e yo te di: ‘Nou te peche akoz nou te kite SENYÈ a pou te sèvi Baal yo avèk Astarté; men koulye a, delivre nou nan men a lènmi nou yo e nou va sèvi Ou.’


Yo te rasanble nan Mitspa; yo te rale dlo pou te vide devan SENYÈ a, e yo te fè jèn nan jou sila a. Yo te di nan plas sa a: “Nou te peche kont SENYÈ a.” Konsa, Samuel te jije fis Israël yo nan Mitspa.


跟着我们:

广告


广告