Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jij 1:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Men Manassé pa t pran posesyon Beth-Schean avèk bouk pa li yo, ni Thannac avèk bouk pa li yo, ni pèp ki te rete Dor yo avèk bouk pa li yo, ni pèp ki te rete Jibleam yo avèk bouk pa li yo, ni moun ki te rete Meguiddo avèk bouk pa li yo. Konsa, Kananeyen yo te kontinye viv nan peyi sa a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Moun branch fanmi Manase yo pat rive mete tout moun deyò nan lavil Bèt-Chean, nan lavil Tanak, nan lavil Dò, nan lavil Jibleyam, nan lavil Megibo ak nan tout ti bouk ki te sou kont yo. Konsa, moun Kanaran yo te toujou ap viv nan peyi a.

参见章节 复制




Jij 1:27
16 交叉引用  

ak desandan yo ki te swiv yo, nan peyi ke fis Israël yo pa t kapab fin detwi nèt—soti nan yo, Salomon te leve ouvriye kòve yo, menm jiska jodi a.


Nan jou pa li yo, Farawon Néco, wa Égypte la, te monte kont wa Assyrie a nan Rivyè Euphrate la e Wa Josias te ale rankontre li. Epi lè Néco te wè l, li te touye li Méguiddo.


Lè Achazia, wa Juda a te wè li, li te sove ale pa chemen kay jaden an. Epi Jéhu te kouri dèyè li e te di: “Tire li tou, nan cha a.” Konsa, li te fèt sou ti pant Gur a, ki Jibleam nan. Men li te sove ale rive Méguiddo, e la li te mouri.


“Nou pa pou fè okenn akò avèk yo, ni avèk dye pa yo.


“Malè a sila ki fè travay SENYÈ a ak neglijans, e malè a sila ki anpeche nepe l vèse san.


epi lè SENYÈ a, Bondye nou an, delivre yo devan nou e nou fin bat yo, alò, nou va detwi yo nèt. Nou p ap fè okenn akò avèk yo e nou p ap montre yo okenn favè.


Soti nan mwatye tribi Mannassé a, Thaanac avèk teren patiraj pa li ak Gath-Rimmon avèk teren patiraj pa li; de vil.


Alò, li vin rive apre lanmò Josué ke fis Israël yo fè yon demann SENYÈ a. Yo te di: “Kilès ki va premye pou vin monte pou nou kont Kananeyen yo pou goumen kont yo?”


Men fis a Benjamin yo pa t chase mete Jebizyen ki te rete nan Jérusalem yo deyò. Pou sa, Jebizyen yo te rete pami fis Benjamin yo jis rive jodi a.


Mesye sila a te antre nan peyi Etyen yo. Li te bati yon vil e te ba li non Luz, epi se konsa li rele jis rive jodi a.


Li te vin rive ke lè Israël te vin fò, ke yo te fòse Kananeyen yo fè travo fòse, men yo pa t chase yo fè yo sòti nèt.


“Wa yo te parèt. Yo te goumen; wa Kananeyen yo te goumen kote Thaanac, toupre dlo a Méguiddo yo. Yo pa t pran piyaj an ajan.


Men Saül avèk pèp la te lese Agag viv ansanm avèk pi bèl nan mouton yo, bèf yo, bèt gra yo, jenn mouton yo, tout sa ki te bon, e li pa t dakò pou detwi yo nèt. Men tout sa ki te meprize e san valè, yo te vin detwi nèt.


Yo te mete zam li yo nan tanp Astarté yo e yo te tache kadav li nan miray kote Beth-Schan nan.


跟着我们:

广告


广告