Akoz sa, Li te mennen kont yo wa a Kaldeyen yo ki te touye jennonm yo avèk nepe nan kay sanktyè yo a, e Li pa t fè gras pou jèn moun, ni vyèj, ni granmoun, ni moun enfim. Li te livre tout nan men li.
menm jan, wa a Assyrie va mennen fè sòti kaptif Ejipsyen yo ansanm ak egzile Éthiopie yo jenn kon vye, toutouni, e pye atè ak tout do yo dekouvri, pou fè Égypte vin wont.
“Alò, konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Poukisa n ap fè gwo mal sa a nou menm, pou nou ta koupe retire nèt de nou menm, gason, fanm, pitit, ak tibebe, pou kite tèt nou san retay.
Yon nepe kont cheval li yo, kont cha lagè yo, kont tout etranje ki rete nan mitan l yo e yo va vin tankou fanm! Yon nepe rete sou trezò li yo, e yo va piyaje!
Men mwen plen ak kòlè SENYÈ a. Mwen vin bouke ak kenbe l anndan. “Vide li sou timoun lari yo ak sou jenn gason k ap rasanble; paske ni mari, ni madanm, yo va vin pran, menm sa ki nan laj ak granmoun.
Zye m gate akoz dlo k ap sòti ladann, lespri m vin nan gwo twoub; kè m vin vide atè nèt, akoz fi a pèp mwen an vin detwi e timoun ak tibebe yo ap fennen nan lari vil la.
Sou tè nan lari yo, kouche jenn yo ak granmoun yo. Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te tonbe sou nepe. Ou te touye yo nan jou gwo kòlè Ou a; Ou te fè masak, san pitye.
Konplètman, touye granmoun, jenn gason, jenn fi, timoun yo ak fanm, men pa touche okenn moun ki gen mak la. Kòmanse soti nan sanktyè pa M nan.” Konsa, yo te kòmanse ak ansyen ki te devan tanp yo.
Alò, ale frape Amalek e detwi tout sa li genyen. Pa fè li gras, men mete a lanmò ni gason, ni fanm, ni timoun ni tibebe, bèf, mouton, chamo ak bourik.’”