Térach te pran Abram, fis li a, e Lot, fis Haran an, pitit a pitit li, ak Saraï, bèlfi li, madanm a Abram, fis li. Konsa, yo te kite Ur a Kaldeyen yo ansanm, pou yo ta kapab antre nan peyi Canaan an. Yo te ale jis rive Haran, e yo te rete la.
Pou koz sa a, yo te rele non vil la Babel, akoz ke se la, SENYÈ a te konfonn langaj yo nan tout latè. Depi la, SENYÈ a te gaye yo toupatou sifas a tout tè a.
Wa a Assyrie a te mennen moun soti Babylone, Cutha, ak Avva pou Hamath, ak Sepharvaïm, e li te etabli yo nan vil Samarie yo pou ranplase fis Israël yo. Konsa, yo te posede Samarie e yo te viv nan vil pa li yo.
Pandan li te toujou ap pale, yon lòt osi te rive epi te di: “Kaldeyen yo te fòme twa bann pou vin desann sou chamo yo. Yo te pran yo, e touye sèvitè yo avèk lanm nepe. Se mwen sèl ki chape pou di ou sa.”
Gade byen, peyi a Kaldeyen yo—sa se pèp ki pa t egziste. Assyrie te dezigne l pou moun dezè—yo te fè leve fò syèj yo, byen wo. Yo te kraze palè li yo, yo te fè l vin yon pil mazi kraze.
“Konsa, li va vin rive ke lè swasann-dis ane vin fini, Mwen va pini wa Babylone nan ak nasyon sa a,” deklare SENYÈ a: “pou inikite pa yo. Pou peyi Kaldeyen yo, Mwen va fè li vin yon dezolasyon nèt jis pou tout tan.
Tout nasyon yo va sèvi li e fis li ak gran fis li jis rive nan lè pwòp peyi li vini. Nan moman sa a, anpil nasyon ak anpil wa va fè li vin sèvitè yo.”’”
Konsa, li te kite peyi a Kaldeyen yo pou vin rete nan Charran. Depi la, lè papa l te vin mouri, Bondye te fè l deplase vin nan peyi sila a kote nou rete koulye a.