Se kilès sa ki sòti Edom an, avèk vètman Botsra byen kolore a? Kilès sila a, ak abiman majeste Li, k ap mache nan grandè ak fòs li a? “Se Mwen menm ki pale nan ladwati, ki pwisan pou delivre a.”
Paske Mwen te sèmante pa Mwen menm”, deklare SENYÈ a: “ke Botsra va devni yon objè degoutan, yon repwòch, yon pil mazi kraze ak yon malediksyon. Tout vil li yo va vin pil mazi.”