“Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè leve pou lakay David, yon branch plen ladwati. Li va renye kon wa, aji ak sajès e fè jistis ak ladwati nan peyi a.
Chèf pa yo va youn nan yo, e sila ki gouvène yo va sòti nan mitan yo. Mwen va mennen li toupre, e li va vin toupre Mwen; paske se kilès ki ta gen kouraj pou pwoche M?” deklare SENYÈ a.
“Selon reyalite ke Li te leve soti nan lanmò, pou l pa ankò retounen nan pouriti, Li te pale konsa: ‘Mwen va bannou benediksyon a David ki sen e byen asire yo.’