Epi li va gwonde sou li nan jou sa a tankou gwo bri lanmè. Si yon moun anwò dlo ta gade vè latè; men gade, tout fènwa ak gwo twoub. Menm limyè fènwa akoz nwaj li yo.
Sou tout do mòn sèch nan dezè yo, destriktè yo vin parèt, paske yon nepe SENYÈ a ap devore soti nan yon pwent peyi a jis rive nan lòt la. Nanpwen lapè pou pèsòn.
Poukisa mwen te wè sa? Yo pè nèt, y ap rale fè bak, mesye pwisan yo fin bat nèt, e sèl abri yo sove ale san gade dèyè. Se gwo laperèz tout kote!” deklare SENYÈ a.
O fi a pèp mwen an, mete twal sak! Woule nan sann! Kriye fò konsi se pou sèl fis ke ou te fè a! Fè yon lamantasyon ki anmè pase tout lòt yo. Paske sibitman destriktè a va parèt sou nou.
Soti nan Dan te tande gwo souf cheval. Ak son ranni a etalon li yo, tout tè a souke; paske yo te vini devore peyi a ak tout ki sa ki ladann, vil la ansanm ak tout moun ki rete ladann.
Gade byen! Koute kri a fi pèp mwen an soti nan yon peyi byen lwen: “Èske SENYÈ a pa nan Sion? Èske wa li a pa nan li?” “Poukisa yo pwovoke fachez Mwen ak imaj taye yo; ak zidòl etranje yo?”
Paske vwa ki rele anmwey la tande soti nan Sion: ‘A la detwi nou vin detwi nèt! Nou te vin mete nan gwo wont, paske nou te kite peyi la, akoz yo te kraze tout lakay nou yo.’”
Answit, Mwen va fè fèt nou yo vin tounen dèy; tout chan lajwa nou yo va tounen lamantasyon. Mwen va fè nou pote twal sak sou senti a tout moun, ak tèt chòv sou tout tèt. Mwen va fè li tankou yon moman dèy pou yon sèl fis inik, e lafen li tankou yon jou anmè.