Alò Sédécias, fis a Kenaana a te fè kòn yo an fè pou kont li, e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Avèk sila yo, ou va frape Siryen yo jiskaske yo fin detwi.’”
Men nasyon a ki bese kou li anba jouk wa Babylone nan e ki sèvi li, Mwen va kite nan peyi li,” deklare SENYÈ a. “Konsa, yo va travay tè a pou viv ladann.”
“Li va vin rive nan jou sa a, deklare SENYÈ dèzame yo: ke Mwen va kase jouk li a soti sou kou nou. Mwen va chire kòd yo, e etranje yo p ap fè yo esklav ankò.
Nan Tachpanès, jounen an va vin fènwa, lè M kraze jouk an fè Égypte la. Nan lè sa a, ògèy pouvwa li va sispann nan li. Yon nwaj va kouvri li, e fi li yo va antre an kaptivite.
Konsa Senyè BONDYE a te montre m e gade byen, Li t ap fòme yon gwo rafal krikèt nan lè jaden prentan an te kòmanse boujonnen an. Epi gade byen, rekòlt la te fèt nan lè wa a te fin koupe zèb la.
Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, Senyè BONDYE a t ap rele pou jijman an ak dife a. Li te devore tout gwo pwofondè a, e te kòmanse devore tèren nan.