“Kòman ou ka di: ‘Mwen pa sal, Mwen pa t kouri dèyè Baal yo?’ Gade chemen ou nan vale a! Konnen byen sa ou te fè a! Ou se yon jenn femèl chamo byen rapid, k ap fè chemen l kote li pito.
“Leve zye ou pou wè mòn toutouni yo epi gade: “Se ki kote yo pa t kouche ak nou? Akote chemen yo, ou te chita tann yo. Tankou yon Arab nan dezè, ou te pouri peyi a ak pwostitisyon ou ak mechanste ou.
“Mache ale retou toupatou nan lari Jérusalem. Gade koulye a, e byen nòte. Chèche nan plas ouvri li yo. Si ou ka twouve yon moun ki fè jistis, k ap chache verite, alò Mwen va padone Jérusalem.
Anverite tout Israël te transgrese lalwa Ou a, te vire akote e pa t obeyi vwa Ou. Konsa, malediksyon te vide sou nou, ansanm ak sèman ki ekri nan lalwa Moïse, sèvitè Bondye a, paske nou te peche kont Li.
Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye.