Jeremi 2:25 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen25 Kenbe bon fè sou pye ou e mouye gòj ou pou ou pa swaf; men ou te di: ‘Sa p ap ka fèt, Non! Paske mwen te fè renmen ak etranje yo; se dèyè yo m ap prale.’ 参见章节1998 Haïtienne25 Izrayèl, manyè sispann! W'ap plede fatige janm ou yo! Gòj ou ap fin chèch! Men w'ap di: Non! M paka fè anyen pou sa! Mwen renmen bondye lòt nasyon yo. Fòk mal dèyè yo. 参见章节 |
Men pito, nou va akonpli tout pawòl ki te sòti nan bouch pa nou, lè n ap brile sakrifis a rèn syèl la, e vide bwason devan l, menm jan ke nou menm, ak papa zansèt nou yo, wa nou yo, ak prèt nou yo te konn fè nan vil Juda yo ak nan ri a Jérusalem yo. Paske nan lè sa a, nou te gen kont manje, nou te byen alèz e nou pa t konn soufri malè.