Jeremi 11:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen7 ‘Paske Mwen te avèti papa zansèt pa w yo solanèlman nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, menm pou rive nan jou sila a, Mwen t ap avèti tout tan e t ap di: “Tande vwa Mwen”. 参见章节1998 Haïtienne7 Paske, depi lè mwen t'ap fè zansèt nou yo sòti kite peyi Lejip jouk rive jòdi a, mwen pa manke avèti yo. Depi lè sa a m dèyè yo, m'ap mande yo pou yo koute sa m te di yo! 参见章节 |
Anplis, Mwen te voye a nou menm tout sèvitè Mwen yo, pwofèt yo. Mwen te voye yo ankò e ankò e yo te di: ‘Vire koulye a chak moun kite move chemen li, korije zèv mechan nou yo, e pa kouri dèyè lòt dye yo pou adore yo. Konsa, nou va demere nan peyi ke M te ba a nou menm e a papa zansèt nou yo;’ men nou pa t enkline zòrèy nou, ni nou pa t koute Mwen.