22 Konsa Noé te fè l. Selon tout sa ke Bondye te kòmande li, se konsa li te fè l.
22 Se konsa Noye fè tou sa Bondye te ba li lòd fè a. Wi, se sa menm li te fè.
Alò, Abraham te pran Ismaël, fis li a, tout sèvitè ki te fèt nan kay li, tout ki te achte avèk lajan li, chak mal pami mesye lakay Abraham yo, e li te sikonsi prepis yo nan menm jou sa a jan Bondye te di li a.
Sila ki te antre yo, mal avèk femèl nan tout chè, te antre jan Bondye te kòmande li a; epi SENYÈ a te fèmen lach la dèyè li.
Noé te fè tout bagay jan ke Bondye te mande l la.
tout te antre nan lach la ak Noé, de pa de, mal avèk femèl, jan Bondye te kòmande Noé a.
Se konsa Moïse te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande li yo, konsa li te fè.
Li te louvri tant lan sou tabènak la e li te mete kouvèti tant lan anwo li, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Li te mennen lach la nan tabènak la, e li te monte yon vwal pou separe l. Li te separe lach temwayaj la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Li te plase pen, byen ranje an lòd devan SENYÈ a jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Li te limen lap yo devan SENYÈ a, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Li te brile lansan santi bon an sou li, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Lè yo te antre nan tant reyinyon an, e lè yo te apwoche lotèl la, yo te lave, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Alò, Moïse avèk Aaron te fè jan SENYÈ a te mande yo a; se te konsa yo te Fè l.
Konsa Joseph te leve pran Pitit la avèk manman L, e te ale nan peyi Israël.
“Nou se zanmi Mwen si nou fè sa ke Mwen kòmande nou.
Manman li te di sèvitè yo: “Nenpòt sa Li mande nou, fè l.”
“Nenpòt sa ke m kòmande nou , se sa a pou nou fè. Nou p ap ni mete sou li, ni retire ladan l.