Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 50:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Lè frè a Joseph yo te wè ke papa yo te mouri, yo te di: “Kisa ki va rive si Joseph toujou pote lahèn kont nou, e deside fè vanjans pou sa nou te fè l la?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Apre lanmò papa yo, frè Jozèf yo di: — Ou pa janm konnen. Jozèf ka kenbe nou nan kè, li ka fè nou peye tou sa nou te fè l yo.

参见章节 复制




Jenèz 50:15
13 交叉引用  

Lè yo te wè li depi nan distans, e avan li te parèt kote yo, yo te fè konplo pou mete li a lanmò.


Alò, kèk nan machann Madyanit yo te pase, epi frè l yo te rale li soti nan fòs la e te vann li bay Izmayelit yo pou ven sik lajan. Konsa yo te mennen Joseph antre an Égypte.


Konsa, li te mete yo nan prizon pou twa jou.


Apre li te antere papa li, Joseph te retounen an Égypte—li menm, frè li yo, ak tout moun ki te monte avèk li pou antere papa li yo.


Epi yo te voye vè Joseph e te di: “Papa ou te pase lòd avan li te mouri. Li te di:


La, yo nan gwo danje, paske Bondye rete avèk jenerasyon ki dwat la.


La, yo te nan gwo laperèz kote pa te gen laperèz, paske Bondye te gaye zo a sila ki fè kan kont ou yo. Ou te fè yo vin wont, akoz Bondye te rejte yo.


Mechan yo sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo; men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.


“Pou sila nan nou ki kab toujou rete la yo, Mwen va osi pote feblès nan kè yo pandan yo nan peyi lènmi yo. Konsa, bwi a yon fèy k ap kouri nan van va fè kè yo sote, e menmlè pèsòn pa kouri dèyè yo, yo va sove ale tankou se devan nepe, e yo va tonbe.


Konsa yo demontre ke zèv Lalwa yo se byen ekri nan kè yo. Se pwòp konsyans yo ki bay temwayaj, epi panse yo, pafwa ap bay kondanasyon e pafwa ap defann yo.


跟着我们:

广告


广告