Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 49:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Benjamin se yon lou voras; nan maten li va devore sa ke li kenbe, e nan aswè, li va divize piyaj la.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Benjamen, se yon bèt devoran. Nan maten, li devore sa li trape. Li separe sa li pran nan aswè.

参见章节 复制




Jenèz 49:27
25 交叉引用  

Li te rive, ke pandan nanm li t ap pati (paske li t ap mouri), ke li te nonmen li Ben-Oni; men papa li te rele li Benjamin.


Fis a Benjamin yo: Béla, Béker, Aschbel, Guéra, Naaman, Éhi, Rosch, Muppim, Huppim, ak Ard.


Benediksyon a papa ou yo gen tan fin depase sila a zansèt pa m yo jis rive nan limit kolin ki dire pou tout tan yo. Yo va rete sou tèt a Joseph, sou kouwòn a tèt ki byen distenge pami frè li yo.


Tout sa yo se douz tribi Israël yo, e se sa ke papa yo te di yo lè li te beni yo. Li te beni yo, yo chak avèk yon benediksyon ke yo te merite.


Akoz sa, yon lyon ki sòti nan forè va touye yo. Yon lou dezè a va detwi yo, yon leyopa ap veye vil yo. Tout moun ki sòti kote yo va chire an mòso, akoz transgresyon yo anpil, enfidelite yo bokou.


Gen konplo a pwofèt nan mitan li yo, kon yon lyon voras k ap dechire bèt pou li manje. Yo fin devore nanm moun. Yo te pran trezò presye ak tout bagay chè yo. Yo te fè anpil vèv nan mitan li.


Prens ki anndan li yo tankou lou k ap dechire bèt pou yo manje, k ap vèse san e detwi lavi pou fè benefis malonèt.


Prens anndan li yo tankou lyon voras. Jij li yo tankou lou nan aswè. Yo p ap kite anyen rete pou maten.


Pou fis Benjamin yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè.


Gade byen, yon pèp ki leve tankou yon manman lyon, tankou yon lyon li leve li menm. Ni li p ap kouche jiskaske li fin devore viktim nan, pou l bwè san a sila li touye a.”


“Nan tribi Benjamin an, Élidad fis a Kislon an.


Veye byen, Mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Konsa, se pou nou saj kon sèpan, men inosan kon toutrèl.


“Veye nou ak fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye.


“Mwen konnen ke apre mwen pati, lou sovaj va vini pami nou, loup ki p ap fè gras menm a bann twoupo a.


Men Saul te kòmanse ravaje legliz la. Li t ap antre de kay an kay pou rale fè sòti ni fanm, ni gason pou mete yo nan prizon.


Alò, Saul, toujou t ap respire menas ak asasina kont disip a Senyè yo, jis li rive devan wo prèt la.


A Benjamin, li te di: “Ke byeneme SENYÈ a ta rete ansekirite ak Li, paske Li pwoteje li tout lajounen. Sila SENYÈ a renmen an rete antre zepòl Li.”


sikonsi nan uityèm jou a, ne nan nasyon Israël la, nan tribi Benjamin an, yon Ebre a Ebre yo; selon Lalwa a, yon Farizyen;


Alò, fis Benjamin yo te parèt deyò nan Guibea, e yo te fè tonbe atè nan jou sa a, venn-de-mil òm nan Izrayelit yo.


Benjamin te sòti kont yo soti Guibea nan dezyèm jou a e yo te fè tonbe atè, ankò 18,000 òm pami fis Israël yo; tout moun ki te rale nepe yo.


跟着我们:

广告


广告