Alò, kèk nan machann Madyanit yo te pase, epi frè l yo te rale li soti nan fòs la e te vann li bay Izmayelit yo pou ven sik lajan. Konsa yo te mennen Joseph antre an Égypte.
Yo te di youn a lòt: “Vrèman, nou koupab nan zafè frè nou an, akoz nou te wè jan nanm li te twouble lè li te plede avèk nou, men nou te refize tande. Pou sa, kriz sila a vin rive sou nou.”
La yo t ap ranfòse nanm a disip yo. Yo t ap ankouraje yo pou kontinye nan lafwa, e te di: “Se ak anpil tribilasyon nou oblije antre nan Wayòm Bondye a.”