21 Nephthali se yon bich ki vin lage. Li donnen bèl pitit.
21 Neftali, se yon fenmèl kabrit ki lage. L'ap fè bèl ti pitit.
Alò, Rachel te di: “Avèk gwo lit mwen te mennen avèk sè mwen an, mwen te vrèman vin genyen l.” Epi li te nonmen li Nephtali.
Fis a Nephtali yo: Jathtseel, Guni, Jetser, ak Schillem.
Yo te pale avèk li e te di: “Si ou va aji nan dousè avèk pèp sa a, si ou va fè yo kontan e pale pawòl dous ak yo, alò, yo va vin sèvi ou nèt.”
Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan, kite tete li yo satisfè ou tout tan. Rete debòde nèt ak lanmou li.
M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo, nan non antilòp ak bich mawon an, pou nou pa fè lanmou m leve, ni ouvri zye li jiskaske se plezi li.
Wi, menm femèl sèf nan chan an fè pitit pou kite yo. Nanpwen zèb.
De Nephtali, li te di: “O Nephtali, satisfè avèk favè, ranpli avèk benediksyon SENYÈ a, Kon eritaj, vin pran pati lwes la, ak sid la.”
Barak te rele Zabulon ak Nephtali ansanm pou rive Kédesch, epi di-mil lòm te monte avèk li. Anplis, Débora te monte avèk li.
Alò, li te voye kòmande Barak, fis a Abinoam nan, pou l soti nan Kedesh-Nephtali. Li te di l: “Veye byen, SENYÈ a, Bondye Israël la, te kòmande: “Ale mache vè Mòn Thabor e pran avèk ou di-mil lòm soti nan fis a Nephtali yo ak fis a Zabulon yo.
Men Zabulon, yon pèp ki pa t konsidere lavi yo jiska devan lanmò; ak Nephtali tou, nan lye wo sou chan an.