Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 47:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Alò, Israël te viv nan peyi Égypte la, nan Gosen. Yo te gen tèren ladann, yo te vin trè pwodiktif, e yo te peple anpil.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Moun Izrayèl yo te rete nan peyi Lejip sou tè Gochenn lan. Yo vin gen anpil byen. Yo te fè anpil anpil pitit. Yo t'ap fè toujou.

参见章节 复制




Jenèz 47:27
19 交叉引用  

“Mwen va fè desandan ou yo peple tankou pousyè tè, pou si okenn moun pa kapab kontwole pousyè tè a, konsa yo p ap kapab osi kontwole desandan ou yo.


“M ap fè ou bay anpil fwi, Mwen va fè nasyon yo avè w, e wa yo va soti nan ou menm.


“Mwen va miltipliye desandan ou yo tankou zetwal nan syèl la, e va bay tout tè sa yo a desandan ou yo. E nan desandan ou yo, tout nasyon latè yo va beni,


Desandan ou yo va tankou pousyè latè, e ou va gaye nan lwès, nan lès, nan nò, ak nan sid. Konsa, nan ou avèk desandan ou yo, tout fanmi sou latè yo va beni.


Konsa, ou va viv avèk nou, e peyi a va vin ouvri devan nou. Viv ladann, e fè afè nou yo ladann.”


Bondye osi te di li: “Mwen se Bondye Toupwisan an. Fè fwi, e vin miltipliye. Yon nasyon ak yon gwo konpanyen nasyon va soti nan ou, e wa yo va sòti nan ou.


Li te di: “Mwen se Bondye, Bondye a papa ou a. Pa pè desann an Égypte, paske mwen va fè nou vin yon gran nasyon la.


Epi Joseph te pozisyone papa li, ak frè li yo e li te bay yo yon teren an Égypte, nan pi bon pati nan peyi a, kote Ramsès la, tankou Farawon te kòmande a.


Konsa, li te voye deyò yon kònèy zwazo nwa ki te vole de yon kote a lòt jiskaske dlo a te vin seche sou tè a.


men toutrèl la pa t jwenn plas repo pou plante pye li, e li te retounen kote li nan lach la, paske dlo a te sou fas tout tè a. Alò, li te lonje men l deyò, li te pran l, e li te fè l antre nan lach la vè li menm.


Ou te fè fis pa yo vin anpil kon zetwal syèl yo, epi Ou te mennen yo antre nan peyi ke Ou te mande zansèt pa yo antre pou posede a.


SENYÈ a te fè pèp pa Li vin peple anpil. Li te fè yo vin pifò ke advèsè yo.


Anplis, Li beni yo! Yo miltipliye anpil, e li pa kite bèt chan pa yo bese.


Men plis ke yo t ap aflije yo, plis ke yo t ap ogmante, e plis yo t ap grandi. Konsa Ejipsyen yo te vin gen gwo laperèz pou fis Israël yo.


Men fis Israël yo te pwodwi anpil, yo te vin miltipliye anpil, e yo te vin trè fò, jiskaske peyi a te vin ranpli avèk yo.


Mwen va soufle pou yo pou yo kab vin rasanble yo, paske Mwen te rachte yo. Konsa, yo va vin anpil, jan yo te ye oparavan an.


Men pandan tan a pwomès ke Bondye te pwomèt a Abraham nan t ap pwoche pèp la te vin ogmante e te miltipliye an Égypte,


Zansèt nou yo te desann an Égypte, swasann-dis pèsòn antou. Epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil tankou zetwal syèl yo.


“Ou va reponn e di devan SENYÈ a, Bondye ou a: ‘Papa m te yon vwayajè Arameyen fèt pou peri. Li te desann an Égypte, e li te demere la. Yo te piti an kantite, men la, li te devni yon gran nasyon pwisan avèk anpil moun.


跟着我们:

广告


广告