Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 46:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Fis a Juda yo: Er, Onan, Schéla, Pérets, ak Zarach. Men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaan. Fis a Pérets yo te Hetsron, avèk Hamul.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Men non pitit gason Jida yo: Er, Onan, Chela, Perèz ak Zerak. Men Er ak Onan te mouri nan peyi Kanaran. Perèz te gen de pitit gason: Ezwon ak Amoul.

参见章节 复制




Jenèz 46:12
29 交叉引用  

Epi li te vin ansent ankò. Li te fè yon fis, e li te di: “Fwa sa, mwen va louwe SENYÈ a.” Pou sa li te nonmen li Juda. Epi konsa, li te vin sispann fè pitit.


Men sa li te fè a pa t fè SENYÈ a plezi. Li te pran vi li tou.


Epi li te vin ansent ankò, li te bay yon fis, ki te nonmen Onan.


Li te fè toujou yon lòt fis, e li te nonmen li Schéla. Li te nan Czib lè li te fè li.


Men Er, premye ne a Juda a te mechan nan zye a SENYÈ a e SENYÈ a te pran vi li.


Fis a Levi yo: Guerschon, Kehath, ak Merari.


Fis a Issacar yo: Tholy, Puva, Job, ak Schimron.


Men fis Israël yo: Ruben, Siméon, Lévi, Juda, Issacar, Zabulon,


Alò, sila yo se te fis a David ke li te fè Hébron yo. Premye ne a, Amnon, pa Achinoam ak Jizreel; dezyèm nan, Daniel ak Abigaïl, moun Carmel la;


Fis a Juda yo: Pérets, Hetsron, Carmi, Hur ak Shobal.


Fis a Schéla yo, ki te fis a Juda a: Er, papa a Léca, Laeda, papa a Maréscha, avèk fanmi lakay travayè twal nan Béth-Aschbéa yo,


Sepandan Juda te reyisi depase frè li yo e soti nan li, chèf la te parèt, malgre dwa nesans lan te pou Joseph),


Uthaï, fis a Ammihud la, fis a Omri a, fis a Imri a, fis a Bani a, soti nan fis Pérets yo, fis a Juda a,


Soti nan fis Zérach yo: Jeuel, avèk moun fanmi li yo, sis-san-katre-ven-dis nan yo.


Pethachja, fis a Meschézabeel la, nan fis a Zérach yo, fis a Juda a, te reprezante wa a nan tout bagay ki te konsène pèp la.


Men Li te chwazi tribi Juda a, Mòn Sion ke Li te renmen anpil la.


pou Juda: Nachschon, fis a Amminadab;


Sa se pou Juda: Li te di, “Tande O Israël vwa Juda, e mennen li vè pèp li. Avèk men li, li te lite pou kont li. Ou va bay li soutyen kont advèsè pa li.”


Paske li byen klè ke Senyè nou an te desann sòti nan Juda, yon tribi ki pa gen korespondans ak anyen Moïse te pale konsènan zafè prèt yo.


Epi youn nan ansyen yo te di m: “sispann kriye; gade byen, Lyon nan ki sòti nan tribi Juda a, Rasin a David la, te vin venkè. Li k ap ouvri liv la ak sèt so li yo.”


SENYÈ a te reponn: “Juda va monte. Veye byen, Mwen te mete peyi a nan men l.”


Anplis, ke lakay pa w kapab vin tankou lakay Pérets, ke Tamar te fè pou Juda, ak desandan ke SENYÈ a va bannou pa jenn fanm sila a.”


跟着我们:

广告


广告