Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 45:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Pa okipe nou de byen nou yo, paske tout sa ki pi bon nan tout peyi Égypte la se pou nou.’”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Yo pa bezwen regrèt kite anyen, paske se pi bon bagay nan tout peyi Lejip la m'ap ba yo.

参见章节 复制




Jenèz 45:20
23 交叉引用  

Abimélec te di: “Byen gade, peyi mwen an devan ou. Etabli ou kote ou pito.”


Pran papa ou avèk fanmi nou yo, e vini kote mwen, mwen va bannou pi bon tè an Égypte yo, e nou va manje tout grès tè a.’”


“Koulye a mwen pase lòd: ‘Fè sa: pran cha ki sòti an Égypte yo pou pitit nou yo ak madanm nou yo, e mennen papa nou vini.


Alò, fis Israël yo te fè sa. Epi Joseph te bay yo cha yo selon kòmann Farawon an, e li te bay yo pwovizyon pou vwayaj la.


Peyi Égypte la devan ou, plase papa ou avèk frè ou yo nan pi bon pòsyon tè a, kite yo viv nan peyi Gosen an. Epi si ou konnen moun ak kapasite pami yo, alò, fè yo responsab bèt mwen yo.”


Pou sa, pa bay fi nou yo a fis nou yo, ni pran fi pa yo pou fis pa nou, pa janm chache lapè yo ak pwosperite yo, pou nou kapab kenbe kouraj nou e manje bon bagay peyi a, e lese li kon yon eritaj a fis nou yo jis pou tout tan.’


Si yon mesye bay vwazen li lajan oswa byen li pou kenbe pou li, e li vòlè soti lakay mesye a, depi vòlè a kenbe, li va peye doub.


Si nou vin dakò e obeyi, nou va manje pi bon bagay ki gen nan peyi a;


Banza yo va koupe jennonm yo tankou zèb; yo p ap menm gen konpasyon pou fwi zantray la, ni zye yo p ap fè pitye pou timoun.


Malgre sa, zye M te epanye yo olye de detwi yo e Mwen pa t detwi yo nèt nan dezè a.


Paske zye M p ap gen pitye pou ou, ni Mwen p ap ralanti pou ou, men Mwen va mennen chemen ou yo rive sou ou, abominasyon ou yo va pami ou, e ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a!


Zye m p ap montre okenn pitye, ni Mwen p ap ralanti. Mwen va rekonpanse ou selon chemen ou yo pandan abominasyon ou yo pami nou. Konsa, ou va konnen ke se Mwen, SENYÈ a, ki fè frap la.


Men pou lòt yo, Li te di nan zòrèy mwen: “Travèse vil la dèyè li pou frape. Pa kite zye ou fè pitye, ni pa ralanti.


Nenpòt moun ki anwo kay la pa dwe desann pou pran byen li nan kay li,


Nan jou sa a, sila a kisou twati kay, e ki gen byen nan kay la, pa pou desann pou pran yo. Menm jan an, sila ki nan chan an pa pou vire tounen.


Nou pa pou gen pitye pou li, men nou gen pou fè netwayaj san inosan an soti an Israël pou sa kapab ale byen pou nou.


Konsa, zye nou p ap gen pitye: vi pou vi, zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye.


Nou va devore tout pèp ke SENYÈ Bondye nou an, va livre bannou. Zye nou p ap bay yo pitye, ni nou p ap sèvi dye pa yo, paske sa ta yon pèlen pou nou.


Israël te peche. Yo te anplis, fè transgresyon akò ke Mwen te kòmande yo a. Wi, yo te menm pran kèk nan bagay ki te dedye anba ve yo. Yo te vòlè ak twonpe. Anplis, yo te mete yo pami pwòp afè pa yo.


Pou sa, yo vin mande plis a SENYÈ a: “Èske nonm nan gen tan rive isit la deja?” Pou sa, Bondye te di: “Gade byen, l ap kache kò li kote pwovizyon yo.”


David te di a mesye pa li yo: “Nou chak mete nepe nou nan senti nou.” Konsa, tout moun te mete nepe yo nan senti yo. David osi te mete nepe li nan senti li e anviwon kat-sant òm te monte dèyè David pandan de-san te rete avèk pwovizyon yo.


Epi se kilès ki va koute ou nan afè sila a? Paske jan pòsyon a sila ki te desann nan batay la, se menm jan an pòsyon pa l ki rete avèk pwovizyon yo. Yo va separe menm jan an.”


跟着我们:

广告


广告