Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 45:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Li te bo tout frè li yo, li te kriye sou yo, e apre frè l yo te pale avèk li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Apre sa, li bo tout frè li yo, li t'ap kriye toujou. Lèfini, frè l yo pran pale ak li.

参见章节 复制




Jenèz 45:15
17 交叉引用  

Epi Jacob te bo Rachel. Li te leve vwa li, e li te kriye.


Alò, lè Laban te tande nouvèl Jacob la, fis a sè li, li te kouri pou ale rankontre avè l e te anbrase li. Li te bo li, e te mennen li lakay li. Konsa, Jacob te eksplike Laban tout bagay sa yo.


Ésaü te kouri al jwenn li. Li te anbrase li, te tonbe nan kou li e li te bo li. Konsa, yo te kriye.


Konsa, li te vire lwen yo e li te kriye. Men lè li te retounen vè yo, li te pale avèk yo. Li te pran Siméon nan mitan yo, e li te mare li devan zye yo.


Konsa, li te tonbe nan kou a frè l, Benjamin, e li te kriye nan kou li.


Alò, lè nouvèl la te tande kote lakay Farawon, ke frè Joseph yo te vini, sa te fè Farawon kontan, ni sèvitè li yo.


Li te kriye tèlman fò ke Ejipsyen yo te tande l. Menm lakay Farawon te tande l.


Joseph te prepare cha li, li te monte Gosen pou rankontre papa li, Israël. Depi li te parèt devan li, li te tonbe nan kou li e li te kriye nan kou li pandan anpil tan.


Konsa, lè Joab te rive kote wa a e te pale li, li te rele Absalom. Konsa, li te rive a wa a e te bese li ba avèk figi li atè devan wa a e wa a te bo Absalom.


Ou te kenbe zye mwen yo louvri. Mwen tèlman twouble ke m pa kab pale.


Alò SENYÈ a te di a Aaron: “Ale rankontre Moïse nan dezè a.” Konsa li te ale rankontre li nan mòn Bondye a e te bo li.


Donk, li te leve, e te ale kote papa l. “Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kouri anbrase l e te bo li.


Konsa, yo te kòmanse kriye fò. Yo te anbrase Paul, e t ap bo l anpil.


Epi yo te leve vwa yo wo e te kriye ankò. Orpa te bo bèlmè li, men Ruth te rete sou li.


Ke SENYÈ a kapab pèmèt nou jwenn repo, nou chak lakay a pwòp mari pa li.” Alò, li te bo yo, yo te leve vwa yo wo, epi te kriye.


Konsa, Samuel te pran poban lwil la. Li te vide li sou tèt li. Li te bo li e te di: “Èske SENYÈ a pa t onksyone ou kòm prens sou eritaj Li a?


Lè jennonm nan te fin ale, David te leve soti nan fas sid la. Li te tonbe sou figi li atè e li te bese ba twa fwa. Epi yo te bo youn lòt e te kriye ansanm, men David te kriye plis.


跟着我们:

广告


广告