Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 43:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Alò, mesye yo te byen pè, paske yo te mennen yo lakay Joseph. Konsa, yo te di: “Se akoz lajan ki te remèt nan sak yo premye fwa a, ke yo ap mennen nou la a, pou li kapab chache okazyon kont nou, pou tonbe sou nou, e pran nou kòm esklav avèk bourik nou yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Men, lè mesye yo wè yo t'ap mennen yo lakay Jozèf, yo te pè anpil. Yo t'ap di: — Se poutèt lajan nou te jwenn nan sak nou yo dènye fwa a kifè y'ap mennen nou bò isit la. Yo pral kenbe nou, yo pral bat nou, y'ap fè nou tounen esklav. Lèfini y'ap pran bourik nou yo.

参见章节 复制




Jenèz 43:18
20 交叉引用  

Yo te di youn a lòt: “Vrèman, nou koupab nan zafè frè nou an, akoz nou te wè jan nanm li te twouble lè li te plede avèk nou, men nou te refize tande. Pou sa, kriz sila a vin rive sou nou.”


Pandan youn nan yo t ap ouvri sak li pou bay bèt la manje, li te wè lajan pa li a. Gade byen, se la li te ye, nan bouch sak la.


Epi li te di a frè l yo: “Lajan mwen an remèt wi! E gade byen, li la menm nan sak mwen an!” Konsa kè yo plonje desann. Yo te vire, tou ap tranble, youn ak lòt, e te di: “Kisa Bondye gen tan fè nou la a?”


Alò, li te rive ke lè yo t ap vide sak yo, ke gade byen, bous lajan chak moun te nan sak li. Lè yo menm avèk papa yo te wè lajan an, yo te sezi.


Alò, nonm nan te fè sa ke Joseph te mande a, e li te mennen mesye yo lakay Joseph.


Pou sa a, yo te vin pwoche chèf domestik la. Yo te pale ak li nan antre kay la,


Gade byen, lajan ke nou te twouve nan bouch sak nou yo, nou te pote yo bannou soti nan peyi Canaan. Alò, kijan nou ta ka vòlè lò, oswa lajan lakay mèt la?


Bri laperèz sone nan zòrèy li. Pandan li anpè, destriktè a rive sou li.


Tankou nan yon gran brèch, yo parèt; nan mitan tanpèt, yo woule m.


La, yo te nan gwo laperèz kote pa te gen laperèz, paske Bondye te gaye zo a sila ki fè kan kont ou yo. Ou te fè yo vin wont, akoz Bondye te rejte yo.


Lè m te reflechi pou konprann sa, zye m pa t wè klè menm.


Lè rapò a te rive kote lakay David e te di: “Siryen yo te fè kan Éphraïm”, ke Achaz ak kè pèp li te vin ajite tankou bwa forè k ap souke nan van.


Konsa, chèf ak satrap yo te kòmanse chache pou twouve yon koz akizasyon kont Daniel nan zafè wayòm nan; men yo pa t ka jwenn okenn baz pou akize l, ni okenn koripsyon, akoz li te fidèl. Okenn neglijans ni koripsyon pa t ka twouve nan li.


Men lè Hérode te tande sa, Li t ap di: “Jean, tèt de sila ke m te fin koupe a, gen tan resisite!”


Men peche, ki te pran opòtinite atravèLalwa a, te prodwi nan mwen lanvi de tout kalite; paske san Lalwa a, peche mouri.


pou l akize li de zak k ap gate repitasyon li, pou l di: ‘Mwen te pran fanm sa a, men lè m te pwoche l, mwen pa t twouve li vyèj,’


Konsa, veye byen, li te akize li a zak ki gate repitasyon li. Li te di: “Mwen pa t twouve fi nou an vyèj.” Men temwayaj vijinite li.’ Yo va ouvri vètman an devan ansyen lavil la.


Epi Manoach te di a madanm li: “Anverite, n ap mouri, paske nou te wè Bondye.”


Alò, papa li avèk manman li pa t konnen ke sa se te yon bagay a SENYÈ a; paske Li t ap chache yon okazyon kont Filisten yo. Alò, nan tan sa a, Filisten yo t ap domine sou Israël.


跟着我们:

广告


广告