Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 42:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Alò, Joseph te di yo nan twazyèm jou a: “Fè sa pou viv, paske mwen krent Bondye:

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Sou twazyèm jou a, Jozèf di yo: — Men sa pou n fè, si nou vle sove lavi nou: Mwen menm mwen se moun ki respekte Bondye.

参见章节 复制




Jenèz 42:18
12 交叉引用  

Abraham te di: “Paske, mwen te reflechi ke asireman, pa gen lakrent Bondye nan plas sa a, e yo va touye mwen akoz madanm mwen.


Nanpwen pèsòn nan kay sa a ki pi gran ke mwen, e li pa refize m anyen, sof ke ou menm, paske ou se madanm li. Kijan konsa, mwen ta kapab fè gwo mal sa a, e peche kont Bondye menm?”


Si nou se moun onèt, kite youn nan frè nou yo rete anprizone nan prizon nou an; men pou nou lòt yo, ale pote sereyal pou grangou ki lakay nou yo.


Men gouvènè ki te avan mwen yo te konn mete chaj sou pèp la e te pran soti nan men yo pen avèk diven plis karant sik ajan; menm sèvitè pa yo te konn vin kon chèf sou moun. Men mwen pa t fè sa akoz lakrent Bondye.


Ankò, mwen te di: “Bagay ke n ap fè a pa bon! Èske nou pa ta dwe mache nan lakrent Bondye nou an pou evite repwòch a lòt nasyon yo, lènmi nou yo?


Te gen yon mesye nan peyi Uts ki te rele Job. Nonm sa a te san repwòch, dwat, te gen lakrent Bondye e te vire kite tout mal.


Men fanm saj yo te pè Bondye, yo pa t fè jan wa Égypte la te kòmande yo a, men yo te kite gason yo viv.


“Anplis de sa, ou va chwazi pami tout pèp la, mesye ki kapab yo ki gen lakrent Bondye, moun ak verite, ki rayi richès malonèt. Konsa, ou va plase yo sou pèp la kòm chèf sou milye, sou santèn, sou senkantèn, ak sou dis.


Konsa, pinga nou fè tò a youn lòt, men nou va krent Bondye nou an; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.


Nou pa pou domine li avèk severite, men onore Bondye nou an.


Li t ap di: “Te gen nan yon sèten vil, yon jij ki pa t pè Bondye, ni pa trespekte moun.


“Nan kòmansman, li pa t dakò, men apre li te vin di tèt li: ‘Malgre ke m pa pè Bondye, ni respekte moun,


跟着我们:

广告


广告