Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 42:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Men se konsa nou va pase a leprèv. Pa lavi Farawon, nou p ap sòti nan plas sa a amwenske pi jenn nan vin parèt isit la!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Men ki bò mwen pral kenbe nou: M'ap fè sèman sou tèt farawon an, nou p'ap sòti isit la tout tan nou pa fè ti frè nou an vini isit la.

参见章节 复制




Jenèz 42:15
19 交叉引用  

Malgre sa li te di yo: “Non, men nou te vin gade pwen fèb nan defans peyi nou an.”


Joseph te di yo: “Se tankou mwen te di nou, se espyon nou ye.


Voye youn nan nou ale pou li kapab chache frè nou an, pandan n ap rete anprizone, pou pawòl nou yo kapab pase a leprèv, si gen verite nan nou. Men si non, pa lavi Farawon, vrèman nou se espyon.”


Men mennen pi jenn frè nou an bò kote m, pou pawòl nou yo kapab verifye, e pou nou pa mouri.” Epi konsa, yo te fè.


“Mesye a, mèt peyi a, te pale byen di avèk nou. Li te panse nou te espyon nan peyi a.


Men mennen pi jenn frè ou a kote mwen pou m ka konnen ke nou pa espyon, men ke nou se moun onèt. Mwen va bay ou frè ou a, e w ap kapab fè komès nan peyi a.’”


Lè Joseph te wè frè li yo, li te rekonèt yo, men li te kache idantite li devan yo, e li te pale rèd avèk yo. Li te di yo: “Kote nou sòti?” Epi yo te di: “Nan peyi Canaan, pou achte manje.”


Men Juda te pale avèk li. Li te di: “Nonm nan te menase nou ke: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’


Men si ou pa voye li, nou p ap desann. Paske nonm nan te di nou: ‘Nou p ap wè figi m sof ke frè nou an avèk nou.’”


E poutan, yo di: ‘Tankou SENYÈ a viv la’! Anverite y ap fè fo temwayaj.”


Pou ki rezon Mwen ta padone ou? Fis ou yo te abandone Mwen pou yo sèmante pa sila ki pa dye yo. Lè M te fin bay yo manje vant plen, yo te fè adiltè. Yo te mache rive lakay pwostitiye a.


“Nou va krent sèlman SENYÈ a, Bondye nou an; nou va adore Li e sèmante pa non li.


Men, anplis de tout bagay, frè m yo pa sèmante ni pa syèl la, ni pa tè a, ni pa okenn lòt sèman. Men ke wi ou rete wi e non ou rete non, pou nou pa tonbe anba jijman.


Anne te di: “O mèt mwen! Tankou nanm ou viv la, mèt mwen, mwen se fanm ki te kanpe la bò kote ou a, ki t ap priye a SENYÈ a.


Alò, lè Saül te wè David ki t ap sòti kont Filisten an, li te di a Abner, kòmandan lame a: “Abner, se fis a kilès jennonm sa a ye?” Epi Abner te di: “Pa lavi ou, O Wa mwen pa konnen.”


Men David te fè ve ankò, e li te di: “Papa ou konnen byen ke mwen te jwenn favè nan zye ou, e li te di: ‘Pa kite Jonathan konnen bagay sa a, oswa li va blese.’ Men anverite, jan SENYÈ a viv la e jan nanm ou viv la, gen sèlman yon pa antre mwen ak lanmò.”


跟着我们:

广告


广告