Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 41:54 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

54 Epi sèt ane gwo grangou a te kòmanse, jis jan ke Joseph te di. Alò te vin gen gwo grangou nan tout peyi yo, men nan peyi Égypte la te gen pen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

54 Sèt lanne grangou yo te konmanse jan Jozèf te di a. Grangou t'ap bat nan tout lòt peyi yo tou, men te gen manje toujou nan tout peyi Lejip la.

参见章节 复制




Jenèz 41:54
13 交叉引用  

Sèt bèf lèd ak mèg yo ki te sòti apre yo a se sèt ane, e sèt tèt mèg ki brile pa van lès la va sèt ane ak gwo grangou.


Epi apre yo, sèt ane ak gwo grangou yo va vini, tout abondans sa a va gen tan bliye nan peyi Égypte la, e gwo grangou sa a va ravaje peyi a.


Sèt ane abondans ki te nan peyi Égypte la te fin pase.


Li te di: “Mwen tande gen sereyal an Égypte. Desann la pou achte kèk pou nou nan kote sa, pou nou kapab viv, e pa mouri.”


Alò, gwo grangou a te rèd nan tout peyi a.


La, mwen va osi fè pwovizyon pou nou, paske toujou ap gen senk ane ak gwo grangou e nou menm avèk lakay nou ak tout sa nou genyen ta kapab vin megri.


Koulye a, pa t gen manje nan tout peyi a, akoz gwo grangou a te tèlman rèd, ke peyi Égypte la ak peyi Canaan an te febli nèt akoz gwo grangou a.


Alò, Élisée te pale ak fanm a fis ki te geri a. Li te di: “Leve ale avèk tout lakay ou e ale viv nenpòt kote ou kab ale viv; paske SENYÈ a te deklare yon gwo grangou e sa va rive menm sou peyi a pandan sèt ane.”


Li te rele gwo grangou rive nan peyi a. Li te kraze sous pen an nèt.


Alò yon gwo grangou te parèt nan tout Égypte ak Canaan, avèk gwo mizè, e zansèt nou yo pa t kab twouve manje.


跟着我们:

广告


广告