Alò Juda te di a bofi li, Tamar: “Rete kòm vèv lakay papa ou jiskaske fis mwen an, Schéla fin grandi.” Paske li te reflechi: “Mwen pè pou li menm tou pa ta kapab mouri menm jan ak frè li yo.” Epi Tamar te ale viv lakay papa li.
Fis a Juda yo: Er, Onan, Schéla; twa fèt a li menm pa Bath-Schua, Kananeyen nan. Er, premye ne a Juda a, se te mechan nan zye SENYÈ a, ki te mete li a lanmò.