Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 38:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Alò, li te anviwon twa mwa pita ke Juda te enfòme: “Bèlfi ou Tamar te jwe wòl jennès la. Gade byen, li vin ansent nan koze sa a.” Konsa, Juda te di: “Mete li deyò e kite yo brile li.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Sou twa mwa konsa, yo vin di Jida: — Tama, bèlfi ou la, lage kò l nan jennès. Li gentan ansent. Jida di yo: — Pran l, mennen l deyò lavil la. Mete dife anwo l jouk li mouri.

参见章节 复制




Jenèz 38:24
32 交叉引用  

Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.”


Alò, pou sa, remèt madanm a nonm sa a. Paske se yon pwofèt ke li ye. Li va priye pou ou e ou va viv. Men si ou pa remèt li, konnen ke ou va anverite mouri, ou menm avèk tout moun sa yo ki pou ou yo.”


Alò, Abimélec te rele Abraham. Li te di li: “Kisa ou te fè nou? Epi kijan mwen te peche kont ou ke ou te pote sou mwen ak wayòm mwen yon gran peche? Ou te fè m bagay ou pa ta janm dwe fè.”:


Men yo te di: “Èske yo ta dwe trete sè nou an tankou yon pwostitiye?”


Juda te di l: “Kite li pran yo pou kont li, sinon n ap vin yon betiz devan tout moun. Anfen, mwen te voye jèn kabrit sa a, men ou pa t twouve li.”


Alò, kòlè a David te brile fò kont nonm nan, e li te di a Nathan: “Jan SENYÈ a viv la, anverite, mesye ki te fè sa a merite lanmò.


Alò, Nathan te di David: “Mesye a se ou menm! Konsa di SENYÈ a, Bondye a Israël la: ‘Se Mwen ki te onksyone ou kòm wa sou Israël e se mwen ki te delivre ou soti nan men a Saül.


Epi mwen te dekouvri pi anmè pase mouri, kè a fanm ki fè pèlen an. Men li yo se tankou chenn. Yon moun ki plè Bondye va chape anba men l, men pechè a va vin kaptire anba l.


Paske lontan sa, Mwen te kraze jouk ou a. Mwen te chire kòd mare ou yo. Men ou te di: “Mwen p ap sèvi!’ Paske sou chak kolin ki wo, e anba chak bwa vèt, ou te kouche tankou pwostitiye.


Bondye di: “Si yon mari divòse ak madanm li, e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire,” deklare SENYÈ a.


Alò, SENYÈ a te di m nan jou a wa Josias yo: “Èske ou te wè sa ke Israël enfidèl te fè a? Li te monte sou tout kolin ki wo yo e anba tout bwa vèt. La, li te yon pwostitiye.


Konsa, lè Mwen te wè tout enfidelite ak pwostitiye li yo, Mwen te voye li ale, e Mwen te fè yon dekrè pou divòse ak li. Men sè trèt li a, Juda, pa t gen lakrent, men li te ale fè pwostitiye tou.


“‘“Men ou te mete konfyans nan bèlte ou; ou te jwe pwostitiye akoz tout rekonesans ou. Ou te vide pwostitisyon ou an nan tout moun ale vini ki te disponib.


Ou te bati pou kont ou yon wo plas nan pwent anwo nan tout lari, ou te fè belte ou vin abominab e ou te ouvri janm ou pou tout ale vini pou ogmante pwostitisyon ou an.


Anplis, ou te jwe pwostitiye ak Ejipsyen yo, vwazen ou yo ak gwo anvi lachè e ou te ogmante pwostitisyon ou an pou fè m vin fache.


Anplis, ou te jwe pwostitiye ak Asiryen yo akoz ou pa t satisfè. Wi, ou te jwe pwostitiye ak yo e ou te toujou pa satisfè a.


Yo va brile lakay ou ak dife e egzekite jijman sou ou devan zye anpil fanm. Nan lè sa a, mwen va fè ou sispann jwe pwostitiye e ou p ap peye moun ou renmen yo ankò.


Malgre sa, li te miltipliye pwostitisyon li yo, lè l te sonje jou jenès li yo, lè l te konn jwe pwostitiye nan peyi Égypte la.


Men yo te antre ladann konsi yo t ap antre nan yon pwostitiye. Konsa, yo te antre nan Ohola ak Oholiba, fanm zak lèd yo.


“Ohola te jwe pwostitiye a pandan li te pou Mwen an. Li te kouri ak anvi dèyè moun ki renmen li yo, dèyè Asiryen yo, vwazen li yo.


Paske manman yo te fè pwostitisyon. Li ki te fè yo aji san wont, paske li te di: ‘Mwen va swiv moun ki renmen mwen yo, ki ban m pen ak dlo mwen, lenn ak len mwen, lwil ak bwason mwen.’


Mwen te di li: “Ou va rete avè m pandan anpil jou. Ou p ap fè pwostitisyon, ni ou p ap madanm a yon gason. Epi konsa, mwen va menm jan anvè ou menm.”


Malgre sa, ou menm, Israël, ou fè pwostitisyon an, men ou pa kite Juda vin koupab; pa monte vè Guilgal, ni monte nan Beth-Aven, ni sèmante: “Jan Bondye vivan an!”


“‘Si yon mesye fè adiltè avèk madanm a yon lòt, menm sila ki fè adiltè avèk madanm zanmi li an, adiltè la avèk fanm adiltè la va vrèman vin mete a lanmò.


“‘Fi a nenpòt prèt, si li degrade tèt li kòm pwostitiye, li degrade papa li. Li va brile nan dife.


Lafwa ke ou genyen an, genyen li kòm pwòp konviksyon pa w devan Bondye. Beni se sila a ki pa kondane pwòp tèt li nan sa ke li apwouve.


“Papa yo p ap mete a lanmò pou zak kriminèl fis yo, ni fis a lanmò yo pou zak kriminèl papa yo. Tout moun ap vin mete a lanmò sèlman pou pwòp peche pa yo.


Men mennaj li a te jwe pwostitiye kont li. Li te kite li pou rive lakay papa l nan Bethléhem nan Juda e li te rete la pandan yon kat mwa.


跟着我们:

广告


广告