Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 38:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 La, Juda te wè fi a yon sèten Kananeyen ki te rele Schua. Li te pran li e te antre an relasyon ak li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Antan li la, li wè yon fi. Papa fi a te yon moun peyi Kanaran yo te rele Chwa. Jida marye ak fi a, li kouche avè l.

参见章节 复制




Jenèz 38:2
13 交叉引用  

Mwen va fè ou sèmante devan SENYÈ a, Bondye syèl la avèk Bondye tè a, ke ou p ap pran yon madanm pou fis mwen ki sòti nan fi Kananeyen yo, pami moun m ap viv yo,


Alò, Isaac te rele Jacob, li te beni li, li te kòmande li, e li te di: “Ou p ap pran yon fanm nan fi Canaan yo.”


Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje.


Lè Sichem, fis Hamor a, Evyen an, prens nan peyi a te wè li, li te pran li, e pa lafòs, li te kouche avèk li.


Fis a Juda yo: Er, Onan, Schéla, Pérets, ak Zarach. Men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaan. Fis a Pérets yo te Hetsron, avèk Hamul.


ke fis Bondye yo te wè ke fi lezòm yo te bèl. Konsa, yo te pran kòm madanm pou yo menm, nenpòt ke yo te chwazi.


Jeyan yo te sou latè nan jou sa yo, e menm aprè, lè fis Bondye yo te antre nan pitit fi a lòm yo, e te fè pitit avèk yo. Sila yo se te lòm pwisan de tan ansyen yo, lòm gran repitasyon yo.


Epi lè lannwit te vin rive, David te leve nan kabann li. Li te mache antoure twati kay wa a, soti nan twati a, li te wè yon fanm ki t ap benyen. Epi fanm nan te byen bèl nan aparans li.


Fis a Juda yo: Er, Onan, Schéla; twa fèt a li menm pa Bath-Schua, Kananeyen nan. Er, premye ne a Juda a, se te mechan nan zye SENYÈ a, ki te mete li a lanmò.


Fis a Juda yo te Er avèk Onan, men Er avèk Onan te mouri nan peyi Canaran.


Pa mare ansanm avèk enkwayan yo; paske ki relasyon ki gen antre ladwati ak inikite, oswa ki rapò ki genyen antre limyè ak tenèb?


Konsa, li te retounen pou te di papa l avèk manman l: “Mwen te wè yon fanm Thimna, youn nan fi Filisten yo. Alò pou sa, al chache li pou mwen kòm madanm.”


Alò, Samson te desann Gaza, e li te wè yon pwostitiye. Li te antre nan li.


跟着我们:

广告


广告