Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 37:35 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

35 Alò, tout fis li yo, ak tout fi li yo te leve pou konsole li, men li te refize konsole. Epi li te di: “Vrèman mwen va desann kote fis mwen an, kote sejou mò yo ak lamante pou fis mwen an.” Epi papa li te kriye pou li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

35 Tout lòt gason l yo ansanm ak pitit fi l yo te vin ba l kouray, men li te refize tande sa yo t'ap di l. Li t'ap plede repete: — M'ap kriye pou pitit gason m lan jouk mal jwenn li lè m'a mouri. Se konsa li t'ap kriye pou pitit gason l lan.

参见章节 复制




Jenèz 37:35
18 交叉引用  

Abraham te respire dènye souf li. Li te mouri yon granmoun byen mi, e li te byen satisfè avèk lavi. Konsa, li te vin ranmase vè pèp li.


Laban te reponn a Jacob: “Fi yo se fi m, pitit yo se pitit mwen, bann mouton yo se bann mouton mwen. Tout sa ou wè la yo se pa m. Men kisa m ka fè nan jou sa pou sila yo, a fi mwen yo, oswa a pitit pa yo ke yo te fè?


Isaac te rann dènye souf li. Li te mouri, e li te rasanble vè moun li yo, yon granmoun anpil laj. Konsa, Ésaü avèk Jacob te antere li.


Men nou te di li: ‘Nou se moun onèt. Se pa espyon nou ye.


Men Jacob te di: “Fis mwen an p ap desann avèk nou. Paske frè li a mouri, e se li sèl ki rete. Si malè ta rive li nan vwayaj ke nou ap fè a, alò, nou va mennen tèt cheve blanch sa a vè sejou mò yo avèk tristès.”


Alò, Israël te di: “Sa sifi! Fis mwen an, Joseph toujou ap viv. M ap prale wè l avan ke m mouri.”


Israël te di a Joseph: “Mwen pa t janm sipoze ke m ta wè figi ou, e gade byen, Bondye kite mwen wè pitit ou yo tou.”


Ansyen lakay li yo te kanpe akote li pou leve li atè a, men li pa t dakò e li pa t manje avèk yo.


Men koulye a, li fin mouri. Poukisa mwen ta fè jèn? Èske mwen kapab fè l retounen ankò? Mwen va ale jwenn li, men li p ap retounen kote mwen.”


Alò, li te pale a Joab: “Gade byen, wa a ap kriye e fè lamantasyon pou Absalom.”


Papa yo, Éphraïm te kriye pandan anpil jou e fanmi li te vini rekonfòte l.


Alò, lè twa zanmi a Job yo te tande tout malè ki te rive li yo, yo te vini yo chak sòti nan pwòp plas yo, Éliphaz, Temanit lan, Bildad, Souachyen an ak Tsophar, Naamatit la. Yo te òganize yon randevou ansanm pou vini fè konsolasyon avèk li, e bay li rekonfò.


Nan jou gwo twoub mwen an, mwen te chache SENYÈ a. Nan nwit, mwen te lonje men m san poze. Nanm mwen te refize rekonfòte.


Lè mwen sonje Bondye, alò, lespri m twouble. Mwen fè soupi; lespri m febli nèt.


Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.


Konsa pale SENYÈ a, “Yon vwa vin tande nan Rama, lamantasyon yo ak gwo kriye dlo k ap sòti nan zye yo. Rachel ap kriye pou pitit li yo. Li refize rekonfòte pou pitit li yo, akoz yo pa la ankò.”


跟着我们:

广告


广告