19 Yo te di youn ak lòt: “Men sila ki fè rèv la ap vini!
19 Yonn di lòt: — Hey mesye! Men nonm rèv la ap vini!
Li te fè yon rèv, e li te gade yon nechèl yo te mete sou latè, tèt li te rive nan syèl la. Epi gade, zanj Bondye yo t ap monte desann sou li.
Frè li yo te fè jalouzi akoz li, men papa li te kenbe pawòl sa yo nan tèt li.
Lè yo te wè li depi nan distans, e avan li te parèt kote yo, yo te fè konplo pou mete li a lanmò.
Alò, koulye a, annou touye li e jete li nan youn nan fòs yo, e nou va di: ‘yon bèt sovaj te devore li.’ Koulye a annou wè kisa rèv li yo ap devni!”
Alò, Joseph te fè yon rèv, e lè l te repete l bay frè l yo, konsa, yo te vin rayi li plis.
Achè yo te atake avèk rayisman, yo te tire sou li e yo te anmède li;