Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 35:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Alò, yo te bay Jacob tout dye etranje ke yo te genyen yo, ak zanno ki te nan zòrèy yo, e Jacob te antere kache yo anba chenn ki te toupre Sichem nan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Se konsa yo renmèt Jakòb tout bondye etranje yo te gen nan men yo ansanm ak tout zanno yo te gen nan zòrèy yo. Jakòb antere tou sa anba pye bwadchenn ki te toupre lavil Sichèm lan.

参见章节 复制




Jenèz 35:4
13 交叉引用  

Abram te pase nan peyi a jis rive Sichem, nan chenn Moré yo. Alò nan tan sa a, Kanaaneyen yo te nan peyi a.


Annou leve monte Béthel. Mwen va fè yon lotèl la pou Bondye, ki te reponn mwen nan jou detrès mwen an, e ki te avèk mwen nan tout kote ke m te konn ale yo.”


Pandan yo t ap vwayaje, yon gwo laperèz te vin sou vil ki te ozanviwon yo, e yo pa t swiv fis a Jacob yo.


Li te pran jèn towo ke yo te fè a; li te brile li avèk dife. Li te kraze l fè poud, e li te gaye li sou tout sifas dlo a. Konsa, li te fè fis Israël yo bwè li.


Nan jou sa a, tout moun va jete deyò rat ak chòv-sourit, zidòl fèt an ajan, ak zidòl fèt an lò, ke yo te fè pou yo menm ta adore,


Nou va kraze jete limaj taye nou yo ki kouvri ak yon kouch ajàn, ak limaj an lò fon yo. Nou va gaye yo tankou bagay sal. Nou va di yo: “Retire ou la!”


Mwen va pini li pou jou Baal yo, kote li te brile lasan nan, lè l te abiye tèt li ak zanno ak bijou yo, pou l swiv moun ki renmen li yo, epi tebliye Mwen” deklare SENYÈ a.


“Imaj a dye pa yo, nou va brile yo avèk dife. Nou p ap anvi ni ajan ni lò ki sou yo, ni pran yo pou nou menm, sinon, sa va devni yon pèlen pou nou; paske se yon abominasyon a SENYÈ a, Bondye nou an.


Men se konsa nou va fè yo: nou va chire lotèl yo, kraze pilye sakre yo, koupe an mòso tout poto Ashera yo, e brile imaj taye yo avèk dife.


Tout mesye a Sichem yo avèk tout Beth-Millo yo te rasanble ansanm pou yo te ale fè Abimélec wa kote bwadchenn nan akote pilye ki te Sichem nan.


跟着我们:

广告


广告