Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 35:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Jacob te vini vè papa li, Isaac nan Mamré pou Kirjath-Arba (ki se Hébron), kote Abraham avèk Isaac te demere a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Jakòb al wè papa l Izarak, nan Manmre (yo rele kote sa a Kija-aba tou, ou ankò Ebwon). Se la Abraram ak Izarak te pase tout lavi yo.

参见章节 复制




Jenèz 35:27
20 交叉引用  

Epi Abram te deplase tant li an, li te vin rete akote bwatchenn Mamré yo ki an Hébron, e la li te bati yon lotèl bay SENYÈ a.


Alò, yon moun ki te sove ale te vin di Abram, Ebre a, tout sa. Alò, li t ap viv bò kote chenn Mamré yo, Amoreyen sila a, frè Eschcol e frè Aner, ki te fè yon alyans avèk Abram.


“Mwen va ba ou avèk desandan ou yo peyi kote nou vwayaje yo, tout tè Canaan an, kòm yon posesyon k ap pou tout tan, epi Mwen va Bondye pa yo.”


Alò, SENYÈ a te parèt a li nan bwadchenn Marmré yo pandan li te chita akote pòt tant la nan chalè jounen an.


Apre sa, Abraham te antere Sarah, madanm li nan kav la nan chan Macpéla ki anfas Mamre a, (sa vle di Hébron)


Sarah te mouri nan Kirjath-Arba (sa vle di Hébron) nan peyi Canaan an. Abraham te vini pou fè dèy pou li, e kriye pou li.


Alò, Isaac te voye Jacob ale. Li te ale Paddan-Aram a Laban, fis a Bethuel la, Arameyen an, frè Rebecca, manman a Jacob ak Ésaü.


Konsa, li te voye pouse tout bèt yo avèk tout byen ke li te rasanble yo, bèt ke li te vin gen nan Paddan-Aram yo, pou ale nan peyi Canaan vè papa li, Isaac.


Alò, li te di li: “Ale koulye a pou okipe afè frè ou yo ak afè bann mouton an, e vin pote nouvèl ban mwen.” Epi li te ale nan vale Hébron an e li te rive Sichem.


Konsa, li te bay yo chaj, e li te di yo: “Mwen prèt pou ranmase vè moun mwen yo. Antere mwen avèk zansèt mwen yo nan kav ki nan chan Éphron a, Etyen an,


Alò, li te vin rive apre, ke David te fè demand a SENYÈ a, e te di: “Èske Mwen dwe monte nan youn nan vil Juda yo?” Epi SENYÈ a te di li: “Monte!” Konsa David te di: “Se kibò pou m ta monte?” Epi Li te di: “Nan Hébron.”


Fòs tan ke David te wa nan Hébron sou Juda a se te sèt ane avèk si mwa.


Epi David te fè monte mesye ki te avèk li yo, yo chak avèk pwòp lakay pa yo, e yo te rete nan vil Hébron yo.


Alò, tout tribi Israël yo te vin kote David Hébron e te di: “Gade byen, nou se pwòp zo ou ak chè ou.


Konsa, tout ansyen Israël yo te vin kote wa a Hébron e Wa David te fè yon akò avèk yo devan SENYÈ a Hébron. Epi yo te onksyone David wa sou Israël.


Nan Hébron, li te renye sou Juda pandan sèt ane, si mwa e nan Jérusalem, li te renye pandan trann-twazan sou tout Israël avèk Juda.


Alò, li te bay a Caleb, fis Jephunné a, yon pòsyon pami fis Juda yo, selon kòmand a SENYÈ a vè Josué. Li te kon rele Kirjath-Arba, apre papa Anak (ki anplis kon rele, Hébron).


Konsa, yo te ba yo Kirjath-Arba, Arba ki te papa a Anak (ki vle di Hébron), nan peyi ti kolin yo nan Juda, avèk teren patiraj ki te antoure li yo.


跟着我们:

广告


广告