Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jenèz 35:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Rachel te mouri e li te antere nan wout pou ale Éphrata a (sa vle di, Bethléem).

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Rachèl mouri, yo antere l sou wout lavil Efrata. Se lavil sa a yo rele Betleyèm lan tou.

参见章节 复制




Jenèz 35:19
22 交叉引用  

Yo te vwayaje sòti Béthel. Lè te toujou gen yon distans pou rive Éphrata, Rachel te kòmanse fè pitit li, e li te soufri yon doulè ki te difisil.


Li te rive, ke pandan nanm li t ap pati (paske li t ap mouri), ke li te nonmen li Ben-Oni; men papa li te rele li Benjamin.


Alò, pou mwen, lè m te retounen nan Paddan, Rachel te mouri, nan tristès mwen, nan peyi Canaan an pandan vwayaj la, lè te toujou gen yon distans pou rive nan Ephrata (ki vle di Bethléem).”


Nan tan sa a, David te la nan fò a, pandan ganizon Filisten an te Bethléhem.


David te gen yon anvi, e li te di: “Men kijan mwen ta kontan si yon moun ta ban m dlo pou bwè ki sòti nan pwi Bethléhem akote pòtay la!”


Salma, papa a Bethléem; Hareph, papa a Beth-Gader.


Konsa li te bati Bethléem, Étham, Tekoa,


Mesye a Bethléem yo: san-venn-twa.


Men koute, nou te tande koze sa a nan Éphrata, nou te twouve l nan plèn Jaar a.


Alò, rasanble nou an twoup lame, O fi a lame yo. Li fin fè syèj kont nou. Ak gwo baton, yo va frape jij Israël la sou machwè.


Men ou menm, Bethléhem Éphrata, pi piti pami fanmi a Juda yo, nan ou va soti de Mwen Youn pou vin chèf an Israël. Lè pou L vin parèt la te etabli depi nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.


Koute, O mòn yo, pwosè vèbal SENYÈ a, e ou menm, fondasyon latè ki dire tout tan yo. Paske SENYÈ a gen yon ka kont pèp Li a, e Li va plede ka Li ak Israël.


Aprè Jésus te fin fèt Bethléem nan peyi Judée pandan Hérode te wa, konsa yon ekip mesye saj ki sòti nan lès te rive Jérusalem pou mande;


“E ou menm, Bethléem, peyi Judée, ou pa manke valè pami chèf Judée yo: paske yon Gran Chèf k ap sòti nan ou menm, Li va vin yon bèje pou pèp Mwen an, Israël”.


Konte ladann tou, se te Katthath, Nahaial, Schimron, Jideala, Bethléem. Douz vil avèk bouk pa yo.


Alò, te gen yon jennonm ki te soti Bethléhem nan Juda, nan fanmi Juda a, ki te yon Levit. Li te rete la.


Mesye a te rele Élimélec e madanm li, Naomi. Epi non a de fis li yo se te Machlon avèk Kiljon, Efratyen yo, de Bethléhem nan Juda. Alò, yo te antre nan peyi Moab la pou te demere la.


Tout pèp la te la nan tribinal la ak lansyen yo te di: “Nou se temwen Ke SENYÈ a kapab fè fanm k ap antre lakay ou a tankou Rachel avèk Léa, tou de ki te bati lakay Israël la. Epi ke ou va reyisi richès ou nan Éphrata e vin rekonèt pa tout moun nan Bethléhem nan.


Lè ou kite mwen jodi a, alò ou va jwenn de moun toupre tonm Rachel la, nan teritwa Benjamin nan Tseltsach. Yo va di ou: ‘Bourik ke ou t ap chache yo gen tan twouve. Alò, gade byen, papa ou pa twouble tèt li ankò sou bourik yo, men li twouble pou ou menm. L ap mande: “Kisa mwen va fè konsènan pitit mwen an?”’”


Konsa, Samuel te fè sa ke SENYÈ a te di a, e li te vini Bethléhem. Epi ansyen lavil yo te vin rankontre li tou. Ak tranbleman yo pwoche l e te di: “Èske nou vini nan lapè?”


Alò, David te fis a Efratit a Bethléhem nan Juda ki te rele Jesse, ki te genyen uit fis. Epi Jesse te vin granmoun, nan jou Saül yo, byen avanse nan laj pami lèzòm.


跟着我们:

广告


广告